Wout la long pou primati.
Sa pa gen okenn manti,
Yo gen prepare bon zouti.

Y’ap pale de dèmalog,
Chef la di ann fè dyalog,
Fwa sa dil la se a twa.

Se pou sa li chwazi yo twa,
Se eksprè li fè konsa,
Pou gen plis dilatwa.

Lapen ak yon plato pen,
Pou li ka nouri tout ayisyen.
Ki pa sispann plenyen.

Anpil moun tap pito Gabi.
Un homme très Fortuné,
Qui serait pour la mêlée.
Ki pa pè ni livè ni lete.
L’ap diw tout bagay tou kri.

Mesye yo kanpe ap souri,
Pandan y’ap gade Manzè Majori,
Ki prè pou ale nan primati.

Gabriel n’est pas un lâche,
Je ne connais rien de Brunache,
Qui peut les affronter sans relâche?

Yo di mwen Anel se bandi,
Ke laprezidans ap soutni,
Eske se vre senatè Youri?

Depi yo fin legalize bandi,
Bagay yo pa t’ap bon pou Ayiti.
Chak peyi a ap depafini.

De lafontan a Henri,
De Lapin a Majori,
Peyi a kanpe dandi.

Quetony SAINT-VIL