Ayiti, peyi ki pi espesyal !

Ayiti, peyi kote manifestasyon politik melanje ak kanaval!

Ayiti, peyi dwat e goch!

Ayiti, peyi kache voye woch!

Ayiti, peyi ki chaje trèt ak tripotay!

Ayiti, peyi ki pa janm pè chay!

Ayiti, peyi vouzan!

Ayiti, peyi jan foukan!

Ayiti, peyi lobèy!

Ayiti, peyi bout zorèy!

Ayiti, peyi lè na wè na kwè !

Ayiti, peyi kote maten sanble tèt koupe ak aswè !

Ayiti, peyi pase pwanm ma pase relew!

Ayiti, peyi kote ou pa vlem m pa vlew!

Ayiti, peyi kote bouki pa janm dakò ak ti malis!

Ayiti, peyi kote biznis toujou fèt ak sosis!

Ayiti, peyi kote kidnapping tounen opotinite!

Ayiti, peyi kote inivèsite kreye plis mechanste!

Ayiti, peyi kote ki chaje ak politichen je chèch!

Ayiti, peyi kote moun pa janm sispann manje diri chèch!

Ayiti, peyi kote moun nan leta fè sa l’vle, jan l’ vle!

Ayiti, peyi kote endepandans ak dwa grandèt majè pa sakre!

Ayiti, peyi kote moun sot awogan pase moun save!

Ayiti, peyi kote moun de byen pa anyen douvan sanzave!

Ayiti, peyi restavèk peyi letranje!

Ayiti, peyi kote fo ekspè letranje jan yo pito domine !

Ayiti, peyi kote devan pòt tounen dèyè kay!

Ayiti, peyi kote rat kay toujou ap manje pay kay !

Ayiti, peyi kote resous tounen sousou pou yo travay!

Ayiti, peyi kote kochon pa janm bouke fè chen wont anba pye zaboka!

Ayiti, peyi kote ogou feray pa monte bourik a 2 ak kouzen zaka!

Ayiti, peyi kote radotè pa janm sispann bwè tizann  blofè !

Ayiti, peyi kote  « alleluia » pa makonnen ak « ayibobo »  pou evite tout madoulè !

Ayiti, peyi kote bèl  plaj tounen bwat fatra!

Ayiti, peyi kote dosou pa dakò yo rele l’ marasa!

Ayiti, peyi kote pati politik la pou sèl eleksyon!

Ayiti, peyi kote fatra sèvi dekorasyon nan resepsyon!

Ayiti, peyi kote nenpot moun ka vann konsyans li pou mak aran!

Ayiti, peyi kote gouvènman ak opozisyon pa janm p’ap fè deran!

Ayiti, peyi kote konstitisyon se papye bayonèt se fè !

Ayiti, peyi solèy, peyi lanmè, peyi lanfè !

Auteur: VALCIN Délinord, poète, slameur .