Apre yo te mete tèt yo an karantèn pou rezon pandemi kowonaviris, medsen rezidan yo ki retounen nan pòs yo sa pa gen lontan, tanmen ak yon mouvman grèv pou mande Leta ba yo pi bon kondisyon travay, nan dat lendi 15 mas 2021 an.

Cap-Haïtien, https://www.lemiroirinfo.ca, Mardi 16 Mars 2021

Pase nan sal ijans, operasyon, matènite, famasi, poun site sila yo sèlman, nan kòmansman semèn sa, pòt tout sèvis sa yo kadnase, tout aktivite yo paralize konplètman nan nivo enstitisyon an ki konsidere kòm pi gwo lopital nan depatman Nò a.

Nan yon kout pye nou te fè lopital la, nou remake, medsen rezidan yo epapiye nan lakou lopital la avèk blouz sou yo ak mask nan vizaj yo epi tou, kèk lòt moun sou lakou a kap fè kòmantè. Pou sa ki konsène malad, menm lè ou ta bezwen yon grenn pou fè dite ou pap twouve.

On dirè, tout malad ekzeyate.

Antretan, lendi 15 mas la, bò midi konsa, yon dam tap siyone lakou lopital la, bib li nan menl, lap bay levanjil poul mande moun yo asèpte Jezi paske lap tounen, men li pa di yon mo pou lopital la ki an koma.

Sispann pwan rezidan pou jibye, flach telefòn pa limyè, mete limyè nan sal operasyon an, dlo lapli pa dwe koule sou malad yo, se kèk pami revandikasyon nou kapab li pami yon latrye pankat ki plake nan tout zo kòt lopital la.

Sityasyon lopital la bay gwo tèt chaje, lopital la malad tankou zaboka pouri. Rezidan yo kap travay ak zong mande gwo otorite nan Leta yo fè dilijans pou rezoud problèm yo rapid vit.

Medsen yo raple volonte yo genyen pou kontinye desèvi popilasyon an, men akoz materyèl yo pa gen pou travay, sa lakoz bout kòd rete vwayaj. Lèstomak pa bounda kanno.

Si nou vle kwè eksplikasyon medsen rezidan yo, yo mande dirijan lopital la chita pou diskite sou problèm yo, li derefize. Èske se chèz yo pa gen pou chita? Nou pa kwè sa.

Kriz kap bwase bil lopital la bay popilasyon Gran Nòdis la gwo tèt chaje. Gen moun kap mande kote moun nan sosyete sivil la ak nan sektè prive afè a nan depatman an, poukisa yo pa pote kole pou bay lopital la swen ke kal nesesite.

Aktyèlman, lopital inivèsitè Jistiyen malad, li pa goute djo frèt, li ospitalize, li kouvri anba dra. Erezman, li pa soufri maladi enkirab kivledi maladi ki pa ka geri.

Men sa ki enpòtan, si otorite konsène yo pa pwan dispozisyon an ijans, san swete, lopital la ap trepase, se kat pòtè kap mennen lale, lè sa, pyès moun pap bezwen vèse lam kwokodil.

Isi, Léonel DORCILIEN