Konbyen ou bèl , ô fanm kreyól

Se lalin ki soti lekól

Nan men w pandye yon valiz

Se yon anj ki prale legliz

Inifom ou , fè w trè byen

Se roz ki plante nan jaden

Ô fanm gran lakou, dan w blanch

Se vre pase kristal dimanch.

Lè m wè w ,kè m bouyi pi fó

Pase chodyè moun andeyó

Cheri, kase mwen nan vi w

Pou m kap konnen yon bèl lanmou

Lè kè m boulvèse ak tristès

Fè m pouse zèl anba karès

Lè m santi w , ô bèl cheri,

 Mwen pi gwo nèg pase lavi

 

Ô solèy mwen ! Bèl fanm kreyol

Mwen fyè, paske w pa frivól

Toupre w, mwen santi m kapab

Ni festekal mwen pap pran tap

Ô bèl fanm kreyól !

Auteur : Thermessant Fritz Ronel