Yon moun pa bezwen gwo ekspè nan zafè gawoutyè pou li wè klè, ri zewo L okap, pa aproprye ditou pou fè èstasyon machin, motosiklèt pafwa menm bouwèt.

Èstasyon sa, lakoz se sou pwent pye pyeton yo ap sikile akoz twotwa a okipe ak tout kalte machann.

Se nan eskize banm pase pou malad yo rantre nan sant sante Lafòsèt la. Se nan kastèt pou elèv lekòl mè ki nan zòn lan rantre nan klas yo.

Bon, lè lwa malpwòp la rantre nan tèt moun yo menm, yo lage fatra, tankou vye rad, vye soulye, vye sandal ak vye bwat katon pèpè nan zòn lan.

Byen petèt, otorite yo nan vil la te pwan desizyon sa nan lide pou swadizan rezoud problèm anbouteyaj la (blokis). Okontrè, problèm lan rete tenn fas.

Desizyon sa ki fè chofè kamyonèt (taptap) ki asire sikwi lòt bò baryè boutèy yo rive ri zewo L la, pou yo pa rive ri 15 L la jan sa te konn fèt avan, penalize pasaje yo an jeneral, elèv lekòl yo an patikilye.

Sa lakoz, pasaje yo ki deja dekapitalize, kap benyen chen bezwen plis lajan pou yo rantre ak sòti nan sant vil la. Yon sant vil ki livre pou kò li bay moto chawa ak gaz kabonik kap kouri kap voum tout boulin.

Alèkile, li enpòtan pou enstans konsène yo tankou Delegasyon Nò, Meri a ak sèvis sikilasyon nan polis nasyonal la pran mezi rapid vit pou repanse èstasyon sa.

Isi, Léonel DORCILIEN