Magaret se yon pwostitye ki gen 35 lane. Lap bwase nan zòn boulva ant ri 17 ak 18 chak swa.  Madanm sa genyen 5 pitit ke papa yo mouri  kite pou l’ okipe. Lemirroirinfo.ca te fè te rankontre li. Magaret pa manke montre anbisyon li genyen pou ofri yon edikasyon de kalite a 5 pitit li yo . Yon temwayaj de fanm sa ki lage li nan jamè dodo pou li kontinye reziste ak lavi e fè edikasyon 5 pitit li yo.

Cap-Haïtien, https://www.lemiroirinfo.ca, Samedi 20 Juin 2020

Malgre kouvrefe chak swa, medam travayè seksyèl yo pa chome.. Depi w wè  nwit la deja parèt zòn sou boulva a tounen yon lye pou medam degajèz yo vin sèvi kliyan yo.  9 è gentan pase nan aswè, sou yon boulva san kouran, ak kèk machin kap pase, kote pwèske pa gen moun kap sikile anko  dèyè kèk  kamyon  trelè  ki estasyone ant ri 17 18 boulva akote miray ki fin monte ak yon lantiray anfè. Ki bare lanmè a. Nou rankontre kèk medam degajèz k’ap fonksyone olye yo rantre nan yon chanm kay ou lotèl ak yon kliyan.

  Lè w foure je w gade pou ta pase dèyè trelè yo ki estasyone sou twotwa. gen yon sant k’ap degaje movez lodè  epi dezagreyab kap degaje. Men sa pa anpeche medam yo rete tou kanpe pou yo bay mesye yo sèvis. Sanble ki pa rann kont gen yon move lodè kap monte anda nen yo. Lalin nan pa fin two klere.  Lè w eseye travèse ri a pou fè tankou w pwal nan lèt A. Tou pre biwo depatmantal Enpo (DGI) a, zòn ansyen teleko.  Kèk mesye moto kanpe ap jwe kwen an. Kote yo vin chèche plezi nan men kèk medam k’ap bwase ren yo pou yo jwenn yon pen kotidyen.

Magaret se yonn nan medam pwostitye yo ki genyen 35 lane epi genyen 5 pitit pou li pran swen. Kote y’ap leve san prezans yon papa kite rive pèdi lavi l nan zafè zak enseikrite.

 Li genyen anviwon  1m50 de wotè, li mete sou li  yon wòb aflè byen long ak Yon sandal nan pye l ki plen pousyè ak  tèt li raze tankou se gson. Ak  yon bon  gwosè sou li. Menm si l’pa makiye.  Lap chèche  kèk jenn gason pou l fè yon won.

 Li te fè konnen se sikonstans ki menen l’ nan lari pou vann kò li pou li ka kontinye viv. «Depi lè mesye a te fin mouri a. Tout ti kòb konsa mwen te genyen fin pase nan maladi mesye a.  Yo vin tiye l ankò. Se mwen ki kanpe tere l’ ansanm ak fanmiy mwen» Magaret.  

Se chak aswè Magaret soti pou bouske lavi. Kote l’ap bwase ren l’ kòm travayè seksyèl janmen dodo  pou l avwa d lavi.

Men lavi pwostitisyon  pa  yon bagay fasil pou medam ki nan zòn teleko. Kote pafwa yo viktim anba move zak kèk zèfèyis. San kache Magaret ap rakonte nou tray yo nan lari a.

«Yo konn fin fè yon moman avèk mwen, yo konn pa peye m. Epi yo banm presyon ankò, gen pafwa se dèyè ponpye a m konn kanpe. Lapolis konn banm ede m ake yo. Paske gen anpil vakabon k’ap ban n presyon atè a».

Lè n te mande l si se presyon pou yo bay pou yo pran  kòb nan li e li eksplike : «Wi pou nou bay yo kòb, lè yo parèt an gwo bandi pou yo òoo 100 goud nou bezwen la. Si nou pa bay yo li yo rale kouto sou nou. Yon fin pran l apre yo vin mande n pou n pase yon moman San lajan ak yo».

Se ak yon santiman de chagren ke l’ap egzèse metye sa. Kote lap itilize kò l pou l rantre kòb. Paske se yon kouzin li ak yon zanmi l ki mennen l vin bwase. San ke l pa t janm mete nan tet li se nan yon travay kat kanpe l tap vini.

Ak anpil tristès lap eksplike n kouman l gen pwoblèm nan metye sa.«M pa renmen sa m’ap fè a. Paske Lè mari m’ te la ki konn ap travay di pou l te banm. M pa te konn lage tèt mwen nan sa.  Se pandan mari m vin mouri, se yon kouzin mwen mwen ak yon pwop zanmi m ki mennen m la, ki dim an nou pati. Lè m premye vin nan lari a m chita nan yon kwen map kriye, men nan figi. Gen yon chèf ki parèt ki mande m ti cheri sa w gen la? M di bon me pwoblèm mwen. Mari m mouri, m’ gen 5 timoun nan menm, se 2 medam sa yo ki mennen m isit.  M pa abitye. mwen mete m nan yon ti kwen. Pafwa zanmi yo ap joure m, imilye m. Yo di yo pa ka fin mennen m yon kote gen de pafwa m’ konn fin fè yon moman yo menm ankò yo pwan kòb la nan menm. Paske m pa te konnen anyen nan vi sa».

Nan tout metye toujou genyen moman difisil ladann. Lavi Magaret pa diferant de lavi anpil pwostitye toupatou nan mond lan. «Kounye a la se yon lòt dam ki ale ak mwen wanament. Li montre m bwase. M sanble ti kòb mwen, m rantre nan sol mwen. Li se yon bon moum. Chak jedi m rantre ak pwovizyon m’vin wè pititit mwen».

5 Pitit Magaret yo pa konnen  kijan de travay manman yo ap fè. Li pa manke raple n’ ke yon jou li espere vrèman soti nan lari a, kite metye sa. Li ta byen renmen wè byennèt pitit li yo. Eske Magaret ap genyen kouraj eskplike pitit li yo ki jan de travay li te konn ap fè pou pran pitit li yo ?

Otè: Mackenz Dorvilus