
Fè bagay se yon ekspresyon ke ayisyen renmen itilize pou demontre kontantman yo.
Jodi a ekip mwen an fè bagay. Li ranpote match la 5 gol a zewo.
Pa egzanp nan 3 jou gra yo « Tropic fè bagay ». Sa vle di ranmase anpil moun dèyè li sou pakou kanaval la.
La polis desann anba ravin yo fè bagay. Ajan de lòd yo ranmase anpil zam epi mete anba kòd anpil kriminel ki t’ap simen latroublay nan zòn lan.
Ekspresyon fè bagay la genyen sans seksyel tou. Mwen sezi wè 3 kidnapè nan yon videyo k’ap fè bagay yon demwazel. Mezanmi se krèv kè. Ta sanble vyolè yo anba dròg se pa bagay pou ta gade.
Lot la di cheri nou pral fè bagay. Sa vle di yo pral pataje lanmou. Yo antann yo. Mesyedam sa yo pral pran plèzi.
Fè bagay vle di tou yon bagay ou reyisi. Mwen al soutni memwa mwen an lendi pase nèg fè bagay. Mwen konvenk manm jiri yo. Depi fakilte fonde se mwen ki premye fè nòt sa. Monchè manm jiri yo banm respè m’ pou kalite travay mwen Epi pou elokons mwen nan fason mwen mennen deba a.
Group zanmi sa yo fè bagay nan plaj la semèn pase a. Yo bwè byè, yo danse epi yo pyafe.
Auteur: Quetony SAINT-VIL