Hansy Mars nous raconte son premier couvre-feu a Port au Prince !

Depi mwa desanm 2019 – peyi lachin gen gwo pwoblèm. Yon maladi yon pakèt moun ap pran san kanpe. A pati fevriye – maladi a kòmanse gaye kòl nan lòt peyi. Rive mwa mas li gentan prezan nan tout kontinan yo.


Port-au-Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Samedi 21 Mars 2020


Jiska 18 mas 2020. Ayiti se te inik peyi nan rejyon an ki poko te jwenn moun ki gen Covid-19 la nan kò yo. Nan lannwit 19 mas la, prezidan Jovenel Moïse enfòme peyia gen 2 moun yo jwenn ki enfekte ak viris la.


Prezidan an rale on pil ak pakèt bèl fraz pou di nou volim desizyon leta pran pou se 2 moun sa yo ki rete ak viris la nan kò yo. Jan anpil gwo bout tonton peyi fèl – Ayiti fèl tou.


1- Prezidan an nan menm diskou a – ak yon ton chèf – deklare li mete nenpòt machann nan an defi pou monte pri prodwi pou moun sèvi. Sa se nan lannwit 19 mas la.


Li poko te menm finn jou nan vandredi 20 mas la- tout machann leve ap ri. Yap ri pou volim moun ki mobilize pou achte prodwi pou mete lakay yo.
Ze – sèl – sik – epis – tout bagay monte e se siw vle achte paske machann nan klè li pa fòsew. Sa map pale w pou mache piblik yo. Nan makèt yo – se liy deyò a paske espas yo paka pran anpil moun.


Nan kote y’ap vann galon dlo – y’ap vann gaz – plezi gaye. Sak paka tann – fèmen men ponpis la epi jerel. Mezon transfè se rèl – bank – bagay la tris.
Blokis tout kote. Vil la panike.


2- Moun ak veyikil pa gen dwa soti lannwit soti 8tè nan aswè pou rive 5kè nan maten.
Mwen kontan. Mwen te anvi viv on moman konsa paske se moun ki te toujou konn ap rakonte m jan bagay yo rele « Couvre-feu » a te ye nan epòk pa yo a.


Bò 9è nan aswè – mwen deside pran lari a. Nan lespri m’ – mwen tou pè. Soti Pòs Machan desann sou Lali parèt sou ri Kapwa. Kè m’ pa sote menm…
Machann poul fri – byè – asowosi – kann kale – ji blendè- sosis – spageti – tout moun ap jere biznis yo nan fason pa yo. Mizik gaye – kèk grenn anmoure ap jwi moman an. Yonn ap file las kawo nan las trèf lòt nan pwent ri Pikan an. Mwen kontan.


Map avanse rive bò ri Sensi. Medam ki pa janm vle dòmi yo pa nan plas yo. Gen kèk ki alamaskay nan do Kyòs Oksid Janti a.
Rive devan Rex — se la ki gen plezi. Sam te wè avan yo pa anyen.
Mwen oblije rale on chèz plastik – chita. Di machann nan pote on byè pou mwen. Li pote on byè chemizèt epi mwen leve pyem kwazel sou on ti ban. 1-2-3 byè anpil moun ap defile pase devan jem- la nou gentan rive lwen nan 11zè nan aswè.


Pa mandem rès istwa sou Chanmas la….
Mwen wont paske m’ te anvi viv moman an — mwen te anvi ka rakonte timoun kap vini yo kòman sou rejim demokrasi kijan sa rele « couvre-feu » a pase.

Auteur: Hansy Mars