Demach pouvwa an plas ap fè pou chanje konstitisyon ayisyèn lan se yon wont pou elit ayisyèn lan daprè Daly Valet ak Sonet Saint-Louis.

Potoprens, https://www.lemiroirinfo.ca, Lundi 11 Janvier 2021

De jèn gason sa yo ki fè pati de group moun ki konnen nan peyi a kwè se paske elit ayisyèn lan ak lot aktè nan sosyete sivil pa oganize kif è prezidan Jovenel Moise ap mete malè pandye sa sou tèt peyi a.

Yo estime Jovenel pa gen tit ak kalite pou lanse yon prosesis konsa. Mwen nou li yon tèks ke Daly Valet  batize : « Konstitisyon Joujou » ke li soumèt bay redaksyon «  MIROIRINFO » jou lendi 11 janvye 2021 an.

« Konstitisyon Joujou » 

« Gen yon deba k’ap fèt depi ane pase sou dat manda prezidan Jovenel ap fini. Sa se yon deba lejitim ak demokratik nan tout sosyete kote demokrasi gen plas li.

 Mwen menm,  mwen se yonn nan moun ki panse, ki kwè e ki konvenki manda prezidan an ap fini 7 fevriye 2021. Fòk yon moun ta je chèch anpil si w nan kan prezidan an epi w ap kleronnen manda l ap fini 7 fevriye 2022.  De tout fason, nan deba sa, se la fòs ki pral deside yon jan kou yon lòt.

Pandan tan sa, gen yon dosye nouvo Konstitisyon k’ap pale.  Pa dwe gen deba sou koze sa. Yon moun ki respekte tèt ou pa dwe ap fè deba ni reponn kesyon sou sa. Se jis makak k’ap fèt. Sensèman, mwen poko janm ka konprann ki jan pou yon moun ki ale lekòl ka ap ankouraje yon prezidan nan yon briganday konsa. Sa ki pi grav la , yo tout bò kote prezidan an konvenki lòbèy yo ap fè ak Manman Lwa peyi a kòrèk.

Madigra pran lari epòk kanaval. Lè sa tout moun deja konnen se madigra k’ap regle koze madigra yo, epi lepèp samiz. Men, si nou pa nan epòk madigra epi pou madigra panse yo ka taye banda nan lari a konsa sèke tèt yo pa byen. Pa gen griyen dan la.  Yon moun tèt dwat ap deja wè se moun fou madigra sa yo ye lè yo panse tout epòk nan ane a se epòk  madigra. Plas moun fou se nan azil, pa nan lari alevwa nan pouvwa.

Pwojè Konstitisyon joujou sa pa gen avni. Pa dwe gen deba sou sa, se konbat yon moun tèt dwat dwe konbat yon pwojè moun fou konsa.

Konstitisyon anvigè a merite chanje, li dwe chanje. Sa dwe rete yon aksyon kolektiv. Yon pwojè fòs sosyal ak politik yo dakò sou li. Moun fou sèlman ki  ka pran fouchèt li pou l bwè soup ».

Aba tout pwojè Konstitisyon joujou ! Sitwayen, bon konba ! Daly Valet

11 Janvier 2021

Me Sonet Saint Louis pat pran tan pou li pouse refleksyon an pi lwen pandan li pran egzanp Etazini kote prezidan an mèt sote ponpe fok li respekte estrikti ki la yo epi li pa t’ap oze pale koze chanje ak amande konsitityon peyi a an prive tankou an piblik.

« Zanmim Daly Valet,

Mwen li tèks ou a ki gen anpil bon lide ladann pou yon bon deba. Men m’ap pozew kèk kesyon:

Eske w panse yon prezian ameriken ka kanpe devan yon jij ameriken, yon depite yon senatè ameriken, yon jij ameriken nan kou siprèm  pou l’ap blasfème konstitisyon Etazini? Ou panse yon prezidan ameriken ka rete nan medya ameriken, devan moun an prive lakay li poul blasfème konstitisyon etazini?

Ou panse yon prezidan ameriken ka kanpe devan legliz katolik et protestan Etazini pou li blasfeme konstitisyon etazini vwa pou l’ ta di l’ap chanje l’. Ou panse medya ameriken t’ap bay la pawol?

Ou konnen sak fè sa posib an Ayiti se paske elit ayisyen se sovaj. Ou pa pale lalwa ak moun sovaj. Elit ayisyèn se elit kriminel ki abitye fè bagay louch. San yo pa reedike l’,  li p’ap kapab evolye nan sosyete ayisyèn ki domine avek prinsip ak  la Lwa. Gade jovnel fose nou pale de yon bagay ilegal l’ap fè?.

Sa jovnel ap fè la ak tout ekip li demontre ke ayiti sispann prodwi moun ».

Me Sonet Saint Louis av, Montréal, 11 jan 2021