KOUPE TÈT

Pa ekgzanp, genyen yon chan ki di: « n’ap koupe tèt boule kay pou nou libere. » Nan ka sa, koupe tèt vle di dekapite, touye ou rache pak an pak.

Men lè yo di, chanb bas la  koupe tèt yon premye minis, sa pa vledi yo touye premye minis lan, sa vledi, depite yo revoke gouvènman an, yo bay yon vòt non konfyans, yo sansirel kidonk yo metel a tè.

Koupe tèt vle di tou, mete yon moun ou di mwens yon gwoup moun kèlkonk nan yon sityasyon pou anpeche yo fonksyone jan yo te konn fonksyone avan. Ou ka koupe privilèj ak avantaj yo te konn jwi. Lè sa, ou rann moun sa yo enkofòtab, yo santi yo konplètman deranje parapò a jan yo te konn viv avan.

N’ap fè remake, koupe tèt se yon ekspresyon ki fè bòz pandan dènye jou sa yo nan peyi a, lè prezidan Jovenel Moïse pale de yon koulèv 7 tèt, selon li, menm lè l’ p’ap ka koupe tout 7 tèt  koulèv sa, menm se 3 nan 7 tèt sa yo l’ap koupe avan fen manda li a.

Alòs, fòk nou di, pou yon seri moun nan sosyete a, zafè koupe tèt sa prezidan pale a sanble tèt koupe ak yon menas ke anpil moun ta dwe pwan oserye.

Tout moun ki konnen yo se koulèv 7 tèt, fòm diw byen, tèt yo yon ti jan cho, yo panike, yo frikat frikat paske prezidan pa di klè kon djo kòk de ki koulèv 7 tèt lap pale. Petèt moun ki entèlijan ka deja sispèk de ki bèt 7 tèt lap pale a.

Yo toujou di, mennen koulèv lekòl se yonn, men fè l’ chita se 2. Eske prezidan ap ka rive koupe tèt koulèv yo l’ap pale a ?. Antouka, moun ki di me koulèv se li ki touye koulèv.

Granmoun lontan te toujou konn di, pa tann lè koulèv fin pase pou ap swiv tras li. Epi tou, se lè koulèv la mouri pou konn longè l’. Jan de pawòl sa yo de jou an jou,  m wè yo sanble ak la verite tèt koupe.

Isi: Lionel DORCILIEN

Courriel: leoneldorcilien79@gmail.com