kowona viris,
ki sa w ye?
kowona viris,
ki sa w vle?
kowona viris
ou fè m reflechi
sou vrè sans lavi.
ou fè m réfléchi
sou yon maladi
ki vin pou fini
ak depafini
tout limanite
nan yon pwoblèm sante
ou fè m ap panse
sou Solidarite
Fratènite
Egalite
Frajilite
Relativite
Bipolarite
ou fè m ap mande m
ki sa k gwo?
ki sa k wo?
ki sa k ran?
ki sa k gran?
ki sa k fèb?
ki sa k plèb?
ki sa w ye?
Ki Sa m ye?
ou fè m ap mande m
kote dominan,
gran panpan
kote domine
kap wouke
nou tout se domino
nou tout nan menm dlo
kowona Viris
ou fè nou kriye
ou fè nou rele
ou fè n panike
ou tiye manman
ou tiye pitit menm jan
ou tiye gason
Ak tout kanson
menm jan ak pope twèl
san fyèl
ou fè n pa dòmi
ou fè n pa sòti
ou fè n pa anvi
ou debalanse
ou deraye n
wap balote n
a gòch, a dwat
lanvè landwat
men …..Ou fè n konprann
gen twòp diferans
nan limanite
gen twòp konkirans
nan limanite
gen twòp rayisans
nan limanite
ou fè nou konprann
ke nou pa anyen
men, yon ti ponyen
ti pousyè la tè
sou planèt la tè
Ou fè nou konprann
Se sèl souf la vi
ki ba nou lavi
Ou di nou konsa
Se pou n repanse
Repanse la vi
Repanse lanmò
Repanse lanmou
Repanse an moun
Repanse sak dwa
Repanse devwa
Ou di nou konsa
gade n nan yon glas
na wont tout dega
nou koze La tè
Auteure: Rita Barrella PÉAN