Kriz ki mete dozado, bawo avoka Okap yo ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè, an franse (CSPJ), depi mwa me 2020 sou nominasyon mèt Jean Ralph Prévost kòm dwayen pou yon ti bout tan tribinal premye enstans Okap la, ki ranplase mèt Lynx Jean yo te mete an disponibilite pou fè CSPJ te repwochel, jiska prezan bloke nan enpas.

Cap-Haïtien, https://www.lemiroirinfo.ca, Mercredi 27 Janvier 2021

Tou de enstans yo refize fè bak kon kribich sou pozisyon yo. On dirè, yo kanpe dèyè pozisyon yo rèd kon lajistis.Yonn pa vle kite pou lòt, yo refize tande la rezon, tandiske jistisyab yo kontinye ap pote po kase a.

Nap siyale, genyen kèk avoka kap fè wounou wounou, genyen bougennen anba anba, pou di kriz sa deranje yo paske yo gen klyan kap boule prizon, sa lakòz onorè yo pa onore.

Nan lide pou eseye jwenn yon solisyon nan kriz sa ki bay anpil moun tèt fè mal, yon komisyon federasyon bawo dayiti te fè yon kout pye dènyèman nan Nò peyi a.

Pandan vizit sa ki te dire 3 jou, manb komisyon an te boukante la pawòl avèk divès aktè konsène nan kriz sa, tankou batonye lòd avoka Okap yo, mèt Harold Chery, doyen a.i. Jean Ralph Prévost ak divès lòt pèsonalite nan depatman an.

Manm komisyon an ki jwe wòl entèmedyè ant CSPJ avèk bawo a ranmase tout doleyans yo, monte avèk yo Pòtoprens, men manb komisyon an ap gen pou retounen pa twò lontan nan dezyèm vil peyi a sou dosye a.

Batonye lòd avoka Okap yo, mèt Harold Chery ki te nan mikwo nou semèn sa, swete pou gen yon konsesyon ki fèt pou kriz la ka rezoud. Men sepandan, li di lap pi saj pou CSPJ transfere jij Prévost nan yon lòt jiridiksyon.

Avoka yo dakò tout lòt  moun kòm dwayen, sof jij Prévost ke yo akize ki twò lan nan trètman dosye jidisyè yo. Avoka yo pa mete konpetans li an dout men yo di li twò lan kidonk li pi lan pase lantè. Antouka, moun ki dòmi ak Jean se yo ki konnen wonfle Jean.

Mèt Prévost voye jete akizasyon lantè a nan poubèl. Pou limenm, avoka yo ap chèche la ptit bèt, ta sanble maladi avoka yo soufri a genlè se pa limenm yo di doktè a.

Gen moun san ke yo pa vle fè l’avocat du diable, ki wè an mèt Prévost yon moun onèt ki dwat tankou pye palmis ki pa danse kole ak kòripsyon savledi resevwa lajan anba tab pou fè zewo tounen nèf.

Nap raple, pwemye lendi Oktòb ane pase, jou reouvèti tribinal yo nan peyi dayiti, prezidan kou dapèl la, mèt Cazeau Fils – Aimé te pwan  dispozisyon pou seremoni an te fèt, men an lagan, bal la vire an vodou kote yon lwa lòbèy te monte nan tèt òm ak fanm de lwa yo.

Avoka kontèstatè yo abitye ak tòj yo, tòt nan tèt yo, te bòykote seremoni an. Yo tap di: « aba René Syvestre », prezidan kou kasasyon an ak CSPJ, Aba « Jean Ralph Prévost ». Jou sa, non sèlman yo fèmen tribinal yo, men tou yo sazinen mi enstitisyon sa yo ak grafiti.

Antouka, anpil moun nan jiridiksyon an mande protagonis yo ak gwo zotobre nan Leta, degaje yo tankou mèt Jan Jak pou tenyen dife tòchon sal sa kap boule depi ane pase. Yon kriz si pa gen anyen ki fèt rapid vid ki sou wout poul dire pase l’enquête se poursuit.

Auteur :Léonel DORCILIEN, Courriel: leoneldorcilien79gmail.com