Nan listwa Dayiti predika «koupe»
entèprete sou plizyè fason. Esklav yo te lanse operasyon koupe tèt brile kay
yon fason pou te pèmèt yo rive jwenn libète ke tout pèp sou latè rive benefisye
jounen jodia.

Mwen pral «koupe» tèt tout kabrit
oubyen kochon mwen jwenn nan jaden mwen an. Sa vle di mwen genyen yon koulin oubyen
yon manchèt byen file nan djenn mwen ou kòyonn mwen pou m’ ka mennen operasyon
sa.

Bouki pral «koupe» yon zòn. Sa
vle di, Bouki prale yon kote. Li pral wè yon zanmi oubyen yon tiboubout.

Gouvènman Franswa Divalye vann ayisyen pou al «koupe» kann nan batèy yo nan repiblik Dominikèn. Diktati te pèmèt
anpil ayisyen te pran kantè pou al «koupe»
kann nan peyi Kiba.

Brendjenn yo di, nou sòt «koupe»
kèk limena nan kafe lòt bò lari a.

Mo «koupe» vle di tou: Revoke. Mwen
pral koupe tèt tout direktè ki pa bay rezilta. Sa vle di li pral revoke tout
direktè.

Si chèf Pakè Pòtoprens lan Jak Lafontan pa nan patipri li ta dwe voye manda
bay Prezidan Jovenel Moïse pou li ta vin eksplike Sans mo «koupe 7 tèt la».

Eske koupe 7 tèt prezidan an di « koupe» kontra sogener an ? Fouke Arnel
Belizaire nan penitansye nasyonal pou deklarasyon kote li te itilize mo
« SOTE » . Eske koupe 7 tèt
la vle di mete Dimitri VORBE ak Elizabeth Préval nan kanpe lwen ?

Eske koupe 7 tèt la vle di se 7
antrepriz ki genyen kontra ak leta ayisyen li pral koupe ? Eske se 7 tèt opozan li pral koupe ? Antouka se sel Jovenel Moïse ki ka eskplike mo «koupe 7 tèt la». Kilès gwo palto ki
pral mande Jovenel Moïse vin koupe 7 tèt sa yo ?

Auteur : Quetony SAINT-VIL