Nen pwan kou, je kouri dlo.
Okap ap kriye, deran dlo deran larim, inyorans pote lamayòl.

Lannwit lendi 13 desanm nan almanak okap,
Se yon tach okenn klowòks pap kapab efase nan lespri.
Se yon jou modi,
Tèt anba, san kè.

Flanm dife lespri san konpwann,
Mete dife tout bon nan kè yon pèp
K’ap chèche, atrap lavi nan dan lanmò.
Olye se bri kouri nouvèl gaye, pou moun kite kay 
Se lanbi ki sonnen pou vin ranmase lanmò.
Mizè, povrete, bouche lespri.
Flanm dife lespri dekou,
Fè timoun, jenn, granmoun 
Ap rele anmwey. vwayaje nan peyi san chapo
Akòz linyorans chita kò l sou do mòn nan pou l domine.
Padon lavi,
Kote plis pase yon katrevendis kritchen vivan rive kuit pi mal pase babekyou.
Elas, nou ale
Nou swete Bondye mete n nan paradi,
Paske n deja konnen lanfè.

Plis pase 200 lanne apre, pèp la kontinye ap kouri dèyè limyè.
Men, chimen l bare tribò babò.
Kote se Bòy kap kondui avèg,
Edikasyon menm al chita kò l nan fouk linyorans pou kale pwa.
Danje tounen lamàn,
Kaka poul se ze.

Yon pèp ki lage pou kò l
Kote yap trennen l nan tout dlo santi,
Pou l pwòpte kòl.

M pa tap janm kwè sa,
Yon ti gout gaz ta ka mete Okap nan fè nwè.
Kote zetwal, lalin fache 
Pou kò moun kap boukannen kangannen. 
Gen sa ki griye nwè, pi mal pase grenn kafe nan chodyè pou fè poud.

Yon ti gout gaz mete Okap tèt anba. 
Fè menm tilèzanj kap repoze nan kabann,
Ap sibi san li pa te nan kont ak pèsonn, dife lanfè.
Lespri koridò fè lavi kite yo ak tout boulin,
Lage rèv yo ki tap flannen nan boulva tèt yo nan mwatye wout.

Yon dife ki pa konn zafè pèsonn. Kit se moun save, moun ki pa konn li, moun ki pa fin moun, moun ki manke moun nan moun yo, gwo zouzoun, ti zouzoun. Li pa nan bese triye,
Sal jwenn li pote ale. 
Li pa chòkòt anyen ak moun kap rele, kriye. 

Ou kwè Wagner Peyizan pa gen rezon, lè l di nou pa moun ankò.
Ou byen nou pwèske pa moun ankò, ou kwè se vre Richa Kave.

Nan pote lanp nan bann rara avèg,
Nan danse je fèmen nou pa wè se nan twou rego nou tonbe.
Yon katastròf nou te ka evite si n te gen lanp ki tap klere n,
Nan plas koukouy nou kite kap bay nou limyè.

Elas malgre sa
Okap yon vil kap mache toutouni.
Yon vil kap dodinen sou chèz katastròf.
Yon vil kote fyète l vin pi mal pase toufif.
Yon vil san nanm.
Yon vil djèdjè.
Yon vil tèt anba.
Kilè nou va jwenn limyè Kristòf, pou l ta vin klere lespri n,
Pou ede n tchoule fè nwè k’ap fè lalwa.

Mackenz Dorvilus