RIBRIK : M TANDE, M WÈ EM KONPWANN

Sote, menm jan avèk anpil lòt mo, chaje siyikasyon ou entèpretasyon nan lang kreyòl ayisyen an. On dirè, mo sote gen divès konotasyon.
Lè yon moun di lap sote yon bagay, yon kay pa ekzanp, savledi lap eksploze kay sa ak yon eksplozif kèlkonk, li ka se ak grenad, bonb elatrye.
Sote vle di tou epanye, kite yon bagay pou pwan yon lòt. Pa ekzanp ka genyen 1 2 3 4 5 6 7 8 9. M ka chwazi pwan 2 m sote 1, m pwan 5 m sote 4 ensid suit.
Sote vle di tou nan lang kreyòl Ayisyen an vòltije. Pa ekzanp, pandan rekreyasyon ti medam yo renmen sote kòd nan lakou lekòl la.
Nou pa ka inyore tou, gen elèv lekòl ki renmen sote klas, kidonk lè yo pa fè mwayèn nan yon klas yo monte nan klas siperyè.
Sote gen awè tou avèk vòltije ki sitou lye ak kontantman. Pitit fiy mwen an si tèlman kontan wèm, li sote nan koum poul anbwasem.
Madanm lan ansent, maril pat isit, kon maril vini, pitit la sote anndan vant manmanl, savledi pitit la kontan wè papal.
Sote vledi tou, sezi, an kreyòl. Avan yè pandan m nan lari a, genyen yon moun ki si tèlman ap mache vit dèyè do m, li fèm sote. Mwen si tèlman sote, monchè, fòm diw byen m pantan.
Gen moun, lè yo pwal kuit diri ak pwa kongo vèt, yo sote pwa nan grès cho a, savledi yo fri pwa lejèman avan yo vide dlo nan chodyè a.
Depi kèk tan, malerezman pwoblèm ensekirite kap vale tèren pa bò isit lakoz anpil moun ap viv ak kè sote.
Isi, Léonel DORCILIEN