Plizyè fwa, m’ tande opozan pouvwa an plas la di, prezidan Jovenel Moïse tonbe se kwoke l’ kwoke. Jodya, m’ tande prezidan di, se bite l’ bite men li pa tonbe.

Mwen remake chak fwa peyi dayiti, vle leve pye l’ pou l’ mache, toujou genyen kèk move je ki teke pye l’ pou fè l’ tonbe. Sa fè, n’ap viv nan yon peyi ki ta sanble soufri maladi tonbe. Tonbe, tonbe djab.

An palan de tonbe a, fenomèn ensekirite kap taye bannda nan peyi a depi kèk tan lakoz anpil moun ap tonbe chak jou.

Genyen moun k’ap lanse wòch ak boutèy, min de ryen, moun sa yo aji pi mal pase moun fou, yo lanse bagay sa yo, kote l’ tonbe l’ tonbe.

Genyen anpil jèn fi ki fè jefò pou rèspèkte tèt yo pou pa tonbe nan gagòt, yo fè rezistans se vre, men anpil fwa yo si tèlman vilnerab, problèm ekonomik lakòz finalman yo tonbe. Sak pirèd la, yo tonbe sou do.

Gen moun isit, pou wè si yo serye tout bon vre se lè lajan tonbe nan men yo pou pataje ak lòt moun.

Yo toujou di, byen kanpe pa anpeche tonbe. Moun ki tonbe ki leve kanpe pi fò pase moun ki ponkò janm tonbe. 

Monchè, gen  moun ou tonbe anba men yo nan lavi se sèl Bondye ki pou di yon mo pou ou paske ou mal tonbe.

    Lionel DORCILIEN
? leoneldorcilien79@gmail.com