Mwen konstate,  le fèt ke moun nan ap viv Pòtporens, li pran
tout moun kap viv lòt kote pou egare Dondon. Alòs, moun Dondon ekskizem, se ekspresyon an ki konsa depi nan tan la koloni. «Un esclave égaré à Dondon
»
dit-on.

La plipa moun isit fè peyi a tounen yon Trou d’Enfer. Se nan batay pou yon
moun bwè yon Limonade ak yon Bonbon ni manje yon Abricot.

Lè nou wè pèp Ayisyen an Bòy, pa konpeann se avèg li avèg pou sa. M’ap mande
jiskilè pèp Ayisuen ap rive ranpòte Laviktwa sou enjistis sosyal ki tabli isit
depi dikdantan?

Moun k’ap viv patikilyèman,
Sen Mak, Sen Lwi, Sen Rafayel ak Sen Michel ak Sent Sizsàn pa konnen ki sen pou
yo rele. On dirè, se yon pèp ki bloke nan yon Kil de Sak k’ap fè kalkil pi mal
pase moun ki pwal Lakil, men li pa fouti sòti.

Pèp Ayisyen ap monte yon
Gwo Mòn , tankou Pilbowo, tankou Montay Nwa men li pa konnen jiskilè l’ap gen
chans desann li.

Ou pa bezwen moun Ans Deno ni moun  Bèlans, Ans Wouj Rouge, Ans-a-Vo à ak
Anse a Pit pou nou kenbe dirijan isit nan lans. Ou ta di, y’ap pwomennen avni
peyi a nan Kabarè.

Jounen jodya,  koupe pye bwa pou nou se yon Plezans. Sa fè, debwazman
lakoz, alèkile pa gen ni Grann Rivyè ni Petit Rivyè. Sechrès ap fè la lwa. Sous
yo sèch. Si nou konn se manti al mande moun Sèka La Sous, Sous Pyante ak Sodo.

Prèske pa gen kote nan peyi a ki an pè jounen jodi a. Yon vil tankou Podpè
pa ekzanp ta dwe toujou an pè. Vilaj de Dye prèske sinonim de vilaj satan.
Pwoblèm peyi a, lakoz anpil moun oblije pwan azil politik lòt kote.

Politisyen isit refize
chita pou antann yo. Yo chak kanpe nan yon ekstremite.
Lè yonn
Jeremi,  lòt la Jakmel. Lè Yonn Lèziwa, lòt la limenm li Wananment.
Nèg Petyonvil tankou nèg Machan Desalin dwe mete tèt yo ansanm pou nou retire
peyi a nan Otwou sa li ye a.

Gen anpil moun isit ou tande k’ap fè bwi, pokipe yo, se kabrit Tomazo menm
plim menm plimay.

Peyi dayiti ap pote yon kwa, m’ pa konnen si se kwa dè boukè ou kwa dè misyon.

Nou bezwen dirijan pou mennen Ayiti a bon pò, pòmago, pò sali, pò apiman, elatrye.

Mwen panse ke nou rive nan yon kafou, pou nou sispann mennen politik de
Chapel. Nou dwe pran kap nou pou nou refòmate peyi a. Si nou refize fè sa, mwen
menm, m’ap rive yon lè, sensèman, m’ap lave menm nan zafè peyi sa tankou Pilat.

 


Lionel Dorcilien
E- mail : leoneldorcilien79@gmail.com