Piblisis la voye jete akizasyon kap peze kont komkwa li ta vyole prop pitit fi ki gen 12 lane. Li fè konnen se yon konplo bel sè ta monte kont li epi monte tèt pitit fi li a kont li.

Port-au-Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Vendredi 24 Février 2023

La polis nasyonal ayisiène te arete Alex Deroné,  nan dat samdi 18 fevrye 2023 a pou tèt li ta fè agresyon seksyel sou prop pitit fi li gki gen 12 lane. Nan yon repotaj alo lapôlis pibliye sou paj facebook li, akize a voye tout akizasyon sa yo.

Viktim nan eksplike papa a te agrese l’ seksyèlman nan lannwit samdi 18 fevriye 2023 a. Se akoz doulè penetrasyon an pwovoke ki fè papa a te oblije abandone sa dapre sa li presize.

Timoun nan fè konnen se apre 2 tantativ papa a te deside bay vag men li mande li pou li pa di lòt moun sak pase a.

Alex Deroné ki konn patisipe nan fè piblisite ki pase nan medya tankou radyo ak televizyon voye jete akizasyon sa yo. Li lonje dwèt li sou matant timoun nan ki se bel sè li, Joseph Judette ki ta manipile timoun nan dosye sa.

Nap note se matant timoun nan ki te akonpaye viktim lan pote plent kont prezime agresè a.