KI KOTE MO SA SOTI, KI ISTWA LI? KIJAN PWOSEDI A YE AYITI?

Suit ak dènye evenman yo nan peyi a  yo te rive arete jij Dabrezil , avoka jij la  fè yon pwosedi an «Habeas Corpus», Dwayen tribinal sivil kwadèboukè a rive libere jij la . Kòm mwen la poum sèvi nou  m panse li enpòtan poum bay nou kèk detay si zafè habeas corpus la :

Port-au-Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Mercredi 10 Février 2021

Ann gade ansanm sa mo sa vle di: Habeas corpus la se yon mo laten ki vle  di an fransè  » Que tu aies le corps » Vrè non li se   » habeas Corpus ad subjiciendum  et recipiendum » . se yon pwosedi yon otorite piblik oubyen yon moun prive fè ki pèmet yo konstate devan yon jij legalite detansyon yon moun .

 Jij sa kapab sezi pa moun ki nan prizon an oubyen pa yon lot moun ki aji nan non li . Depi pa gen jistifijasyon legal poukisa moun sa nan detansyon jij la dwe liberel tou suit .

Afè Habeas corpus sa la depi nan mwayennaj nan peyi angletè kote nan sa yo rele « magna carta » ki vle di an fransè « grande charte » ki te fèt nan dat 15 jen 1214  e siyen nan lane 1215.

  Te gen yon dispozisyon ki te fè konnen yon moun lib nan peyi angletè pa ka sibi  anprizonman abitrè oubyen ki imilyan.Magna carta mo laten ki vle di grand chat la se yon pak ki te siyen antr wa angletè ki te rele « Jean  dit Sans Terre » e yon gwoup bawon ki te revolte. Akò sa te touche kesyon fiskalite , dwa fewodal ,  jistis elatriye..

M vle nou konnen tou nèg sa ki te rele  » Jean sans terre » sa li te wa peyi angletè soti 1166 rive 1216 men nan lane 1199 li te angaje’l nan yo gwo konfli ak  wa peyi lafrans lan nan tan sa ki te rele Philippe Auguste . Pou Jean Sans terre te finanse  lame li li te monte presyon fiskal sou nob yo , li pat menaje yo menm .

 Revolt moun sa yo ak lòt te pouse’l ratifye « Magna Carta »  a nan lane 1215 an echanj pou moun sa yo te ret fidel ave’l.  Bagay « Magna Carta »  sa  kote nou jwenn kesyon Habeas Corpus  la pat ret  an vigè pou lontan  . Depi lontan gen mèt dam sou latè , wa « Jean Sans terre »  te ratifye bagay sa pou’l te ka gaye tan , aprè selman 10 semèn li pete koken , li rele Pap la a Rome li fel deklare dokiman sa nil.

Enpak chat sa vin jiskapresan enfliyanse la vi politik modèn . Etazini te akode anpil enpotans ave’l  , nan lane 1939 vesyon Lincoln nan te menm ekspoze nan fwa entènasyonal Nouyok. Li te vin menm konsidere kom zansèt konstitisyon amerikèn nan.

Nan peyi Dayiti afè Habeas Corpus la jwenn fondman li nan konstitisyon 1987 la e nan enstriman jiridik entènasyonal yo sou zafè  dwa moun ke leta Ayisyen ratifye.

 Nou jwen habeas corpus nan atik 26 , 26.1, 26 .2 konstitisyon an  . Atik 26 la di kleman ke pesonn pa ka nan detansyon si li pa paret devan yon jij ki pou estatye li sou legalite arestasyon an nan 48 èd tan aprè yo fin aretel.

Fok mwen di nou gen 3 tip Habeas Corpus ,

1-      Gen Habeas Corpus senp ki se rekou jiris nou yo Ayiti plis fè , li gen objektif jwen libète yon moun yo arete mete nan prizon ilegalman pandan yo vyole atik 24.1, 24.2 e 24.3 konstitisyon an . Vyolasyon atik 7 konvansyon amerikèn dwa moun e atik 9 pak entènasyonal pou kesyon dwa sivil e politik.

2-      Genyen sa yo rele Habeas Corpus prevantif ,ki se yon fom habeas corpus ki kapab egzèse pa yon moun ke yo menase pou yo arete mete nan prizon . Nan sistèm enterameriken pwoteksyon dwa moun rekou sa ou jwen li nan atik 7 paragraf 6 konvansyon amerikèn dwa moun .

Le yo met yon manda damne oubyen yon manda darè dèyè yon moun ilegalman jiris nou yo toujou ale nan tribinal refere pou fè anile manda a , nou pa two egzese rekou sa isi  ,men  li pi bon pou egzese rekou an habeas Corpus prevantif la devan dwayen an sou baz atik 7 konvansyon sa ke Ayiti ratifye . Dispozisyon sa yo otoegzekitwa , dòd piblik entènasyonal dwayen an dwe deklare li konpetan.

3-apre sa gen Habeas Corpus Korektif, habeas Copus sa li prevwa pa prensip 33 de  » tout prens pou pwoteksyon tout moun ki ki soumet a yon fòm kelkonk de detansyon oubten anprizonman.  Kontrèman ak habeas corpus prevantif la rekou sa pa ka aplike Ayiti paske li pa jiridik.

Pou sa ki gen pou we ak pwosedi pou fè Habeas Corpus la li pa difisil , se pa yon aksyon ki konsene dwa penal menm lè rekou sa ta fet nan kad yon kesyon penal. Se yon pwosedi pwoteksyon libète . Jij habeas corpus la se pa yon jij represif se yon jij pwoteksyon libete li ye.

Senp kesyon ki poze nan aksyon sa , eske arestasyon an egzekite an konfomite ak lwa repiblik la e trete entenasyonl sou dwa moun ke peyi a ratifye yo. Depi arestasyon an ilegal jij la ap òdone liberasyon prevni an imediatman , sanl pa menm bezwen konnen ki zak prevni sa fè.

Pa bliye ke habeas Corpus la pa met fen nan pwosedi penal la.

Rekou habeas corpus la senp , avoka ou reprezantan moun nan ap adrese yon senp memwa bay dwayen an san’l pa bezwen pyès pèmisyon anvan. Memwa a kapab yon senp lèt ki ekspoze fè yo, dat arestasyon , ki kote moun nan nan prizon elatriye, l’ap gen ladan l’ teks lwa ke yo vyole a e demand ou fè dwayen an. Apre w’ap mèt dat e l’ap siyen swa pa demandè a ou avoka li . Sou konkliszyon ministè piblik la dwayen an pwal estatye a lekstraodinè menm moman an sou legalite arestasyon ou detansyon an.

Se vre jij la lage men habeas Corpus la pa met fen nan pwosedi penal la.

Auteur : Me Pelex  Flereme, Avocat