
Junot ainsi connu, se non endividi sa ki mouri sou kabann lopital aprèl fin resevwa bal nan boukantay kout zam ak lapolis nan kad operasyon Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) Nò mennen vandredi 11 mas 2022 a nan kafou Talès, komín Milo.
Viktim lan tap sikile ak 3 lòt tokay li a bò yon veyikil Isuzu Rodeo, koulè nwa ak blanch, plak AA 21188. 3 lòt endividi yo gentan chape poul yo.
Pandan operasyon sa, fòs lòd yo sezi plizyè zam a fe, de veyikil sispèk avèk yon sibstans ki sanble tankou de gout dlo ak mariwana.
La polis sezi yon «pistolè Taurus 9 milimèt TFW seri 21114, yon chajè ki te gen ladanl 2 katouch ki te nan men Junot ainsi connu, yon fizi kalib 12 milimèt (mak ak seri ilizib), yon ach, 5 manchèt ak yon epe, yon chajè glock 40 milimèt, 4 kanè bank, 25 katouch kalib 12, 4 telefòn elatrye ».
La polis sezi tou pandan desann de lye sa yon mazda tribute, koulè griz, plak DD 03434 ki te sou lè lye.
Pòt vwa Nò Polis Nasyonal la, enspektè divizyonè Arold Jean fè konnen endividi sa yo fè pati yon rezo brakè kap opere nan rantre vil Okap kap ransone patikilyèman chofè kamyon.
Nan dat 10 mas ki sot pase la, la polis mete men nan kòlèt, nan zòn baryè boutèy sou Marck Antoine Ferdinand, 23 lane avèk Jean Fauslin Morency, 21 lane, manb yon gang Filomé Tanis, alyas Dudlin ainsi connu ap dirije nan komín Limonad.
La polis nan peyi Sendomeng te arete endividi sa epi remèt li bay la polis nan peyi dayiti. Selon pòt vwa Nò PNH la, Philomé Tanis ta enplike nan touye moun ak dechouke tè. La polis ak lajistis ap travay sou dosye moun sa yo.
Nan kad ankèt la polis ap mennen nan kad 2 zak kidnapín ki anrejistre okap nan mwa fevrye a, la polis fè 2 arèstasyon.
La polis arete yon endividi nan sa ki gen awè avèk kidnapín ki te fèt sou 2 timoun nan riyèl Nazon epi remèt yo bay la jistis pou suit legal.
La polis arete tou yon lòt endividi ki ta gen menl tranpe nan anlèvman yon yon granmoun fanm nan paraj katedral notre dame.
Fanmi moun sa yo te vèse ranson pou liberasyon otaj yo, selon explikasyon Arold Jean ki anonse la polis pap rete bwa kwaze devan aksyon malfra yo kap kreye dezòd nan sosyete a.
Enspektè divizyonè Arold Jean, pòt vwa Nò PNH la, konfime enfòmasyon sa yo nan kad yon konferans de près li bay nan lokal Direksyon Depatmantal Nò enstitisyon polisyè a, aprè midi samdi 12 mas 2022 a.
*Isi, Léonel DORCILIEN*