RIBRIK : M TANDE, M WÈ, M APWANN EM KONPWANN

NOU NAN DJO

Gen moun, lè yo gen pwoblèm yo toujou di : yo pa jwenn dlo pou bwè, kounye a yo jwenn dlo pou benyen. Monchè, m pa renmen rantre nan djo san disèl moun isit, men, daprè sam wè k’ap pase laaa, djo a fon li gen bèt. Dlo a genlè plis pase farín.

Sa k’ap pase la, sanble tankou de gout dlo ak yon dlo sal k’ap desann tout boulín, fòk ou konn djo anpil pou travèsel poul pa bwotew ale.

Kit se moun isit kit se moun k’ap viv lòt bò dlo, nou tout nan djo, se djo nan je toupatou. Se de ran djo de ran larim kap koule nan vizaj anpil moun.

Alèkile, vire tounen, se yon kesyon lave men, lave men. Nap dakò avèm, pou lave men, fòk ou gen dlo. Se pa djo tifoyid, djo maltrete, ni djo ajipopo non plis.

Olye enstitisyon ki plase pou distribye dlo bay popilasyon an pran responsabilite l’, li prefere lage nou nan djo. Antouka, mwen voye djo mwen pa mouye pèsòn.

Gen moun ki pa mete dlo nan bouch yo pou kritike enstitisyon ki responsab dlo potab ak asenisman yo di ki pa itilize kèk kamyon sitèn pou al distribye dlo, sitou nan katye popilè yo.

An prensip, dlo ta dwe ap koule lit lit nan wobinè tout moun. Elas, dlo devni yon liks. Isit, djo monte se pwoblèm, djo desann pirèd.

Lè yon enstitisyon gen responsabilite poul distribye dlo sitou nan moman sa, li pa fè sa, ebyen monchè, enstitisyon sa pa ta dwe gen dlo pou lave l’.

Jounen jodya, pa gen djo pou kanna benyen. Anpil moun ap pase jounen blanch san goute djo fwèt. Yo pa ka bwè yon djo men. Pandan tan sa yo, gen yon seri dirijan ki se yon kout djo cho yon kout djo fwèt k’ap bay moun djo sik. Sak pirèd la, yo chaje ak djo kannèl.

Ey! Tande non Djo, mete djo nan diven w.  Nan sa nou ye la, li enpòtan pou moun ki kwè nan Bondje, rele Bondje. Sa ki kwè nan djo beni, jete djo beni. Sa ki kwè nan jete djo, jete djo, paske nou nan djo.

Auteur: Leonel Dorcilien, Courriel : leoneldorcilien79@gmail.com