IBRIK : M TANDE, M WÈ E M’ KONPWANN
MANJE
Pa janm manje nan men moun ki gen lèspri pòv, to ou ta, moun sa ap repwoche w kanmenm. Pou yon rezon ou yon lòt, se pa nan men tout moun ou dwe manje.
Eske w te konnen, gen moun devan manje, yo pa jwe, yo tou pare pou manje w. Kidonk moun sa yo pa manje anyen ki fwèt devan manje.
Depi kèk tan, elas, manje devni yon liks pa bò isit. Gen moun se anpil jimnastik, yo oblije fè pou yo ka manje kichòy. Tandiske, genyen yon seri manje ranje isit, yo manje, yo bwè, yo fimen. Kidonk, yo manje gra sou do pèp la ki toujou ap manje makòn. Manje ranje sa yo manje isit y’al bwè dlo lòt bò.
Mwen toujou apwann nou sa, ou ka manje sa w renmen paske ou granmoun, ou lib pou chwazi manje manje ki fèw plezi, sof ke konsèy m’ap baw, pa janm manje la syè moun.
Ayiti, se yonn nan ra peyi nan mond lan kote ou twouve moun kap mòde dwèt kap ba yo manje.
Genyen moun ki mande kijan m’ fè konnen tout koze sa yo. Ebyen sa senp, ou konnen moun isit ap sere w manje, yo p’ap sere w koze.
Gen moun yo si tèlman fò nan fè voye monte, siw koute yo w’ap ranje kivèt al wè yo, sa w pote a ebyen se li w’ap manje.
Map fini poum di nou:
-pa janm manje sou moun pou pa ofwi l’,
-pa janm manje lasyè moun,
-pa kouri manje nan men moun ou pa konnen,
-pa janm bay pitit ou manje move lajan,
-pa anpeche moun manje pou yo pa anpechew jwè fout bòl brezilyen an,
-pa manje ou sèl, toujou manje ak lòt moun,
pa ba moun move jan pou manje.
Toujou sonje sa, manje w sere nan aswè se li ou dwe chofe demen maten. Lèm gade konpòtman anpil moun isit byen, yo kwè se yo sèlman bouch yo fann pou manje.
Otè: Lionel DORCILIEN
📧 _leoneldorcilien79@gmail.com