Le 2 Timoun ki pa maje ap fe bagay/koke/ fe bagay. Kisa lalwa di nan sa ?
Me Pelex Flereme
Avocat
Courriel: pflereme@yahoo.fr

Nou konnen nan moman an la timoun yo vin trè Cho. Depi yo tou piti yo sou plimen, ni ti gason ni ti fi Cho konnya .Pa egzanp si Yon ti gason gen 14 lane li al fè bagay ak Yon ti fi 12 zan eske paran ti fi a ka pouswiv ti gason an lajistis?

Ann Gad ansanm:

Si ti gason an pa fòse ti fi a oubyen tifi a pa fòse ti gason an se antann
yo antann yo pa ta sipoze gen enfraksyon. Si diferans laj yo pa anpil , men fok mwen di nou byen lalwa an Ayiti pa di anyen nan ka sa .

Si pa egzanp yon ti gason 14 lane ta fòse tifi 12 lane fe bagay san li pa
vle konnya genyen enfraksyon penal. Yo kapab pouswiv ti gason an devan  tribinal pou timoun.

Si n’ap gade jan sa fèt lòt kote, tankou nan peyi Laswis pa egzanp, la lwa
konsidere ke se a laj 16 zan, yon ti moun majè seksyelman men 2 timoun ki pi piti ke laj sa si yo ap fè bagay lalwa nan peyi sa di fok diferans laj yo pa depase 3 zan. Sa vle di, yon ti gason ki gen 11 lane si li fè bagay ak Yon ti fi 8
lane pa gen enfraksyon men si li fèl ak Yon ti fi 7 lane diferans laj la plis
ke 3 zan gen enfraksyon pénal.

Vid jiridik konsenan seksyalite 2 timoun nan lwa ayisyèn an trè grav paske
lè yon ka konsa rive devan lajistis sa ka koz anpil pwoblem . Nan ka sa a, m’
konseye paran yo mete plis kontwol , paske espri timoun yo trè zouvè sou bagay seks konnya. Pandan ke moun lajan taks nou yo peye pou fè lwa , korije lwa, adapte lwa isit se pa sa ki priyorite yo.

Me Pelex Flereme