Quetony SAINT-VIL

Sa mwen pral di nou la se  vre. Genyen 2 moun ki marye sa vle yon  gason  ak  yon fanm. Kay la tounen yon lanfè pou  2 moun sa yo.

Madanm lan deside al konsilte yon ougan pou l’ ka  viv ak mari li paske l’ damou anpil.

Lè li rive  kay Ougan an li rankonte mizè l’ bay li. Aprè li fin tande manzè, li di sa m’ap bezwen pou m’ fè msye dous  la ra anpil e se ou ki ta dwe al  chèche pote  pou mwen pou w ka jwenn rezilta pi vit.

Manzè reponn kisa  li ye papa? Ougan di li se  lèt lyòn pou pote nan yon boutèy granmanjè. Li di OK pa gen problem.

Manzè kite kay li, pandan yon semèn epi li pran forè a pou li pou l’ ka veye lè lyòn lan ap bay pitit li tete pou l’ ka jwenn lèt la.

 Manzè fè  yon semèn pa janm dòmi Pou l’ ka resi jwenn lèt  la.  Kè manzè debode ak  lajwa li remèt ougan kola lèt  granmanjè a. Bòkò a gade manzè, li souke tèt  li epi l’souri. Manzè di  saw gen papa ?

Bòkò di w renmen mari  w anpil wi li di  wi  papa.Ougan di: Tande pwoblèm lan se  nan  ou  e se ou  ki problem lan.

Manzè etone epi li rete bèkèkè. Li di se ou  ki yon vèmin Pou msye a. Gade  tout sakrifis ou  fè Pou w pote w lèt lyòn  lan.

Li di tande madanm al  fè  menm janm w te fè Pou w ka jwenn lèt Pou w ka viv ak Mari w. Epi tou  sispann pale anpil nan tèt msye a.

Madanm lan retounen epi mete an pratik eskperyans li ak  lyòn lan nan  Kay la.. Moun Sa yo gen 5 timoun depi lè y’ap viv tankou 2 pijon.