Lionel DORCILIEN

Lijyèn toujou rekòmande, tout moun dwe «lave men» yo, notàman lè yo sòti nan twalèt ak avan yo manje. Nan ka sa, n’ap bezwen dlo ki pwòp ak savon pou nou lave men nou.

LAVE MEN

Men, fòm di nou byen, se pa tout lè ekspresyon «lave men» an gen awè avèk zafè lijyèn kote ou bezwen dlo pwòp ak savon.

Pa ekzanp, lè yon moun «lave men» l’nan figiw, sa genyen yon lòt konotasyon nan lang kreyòl Ayisyen an. Nan ka sa, «lave men» vle di, jifle kalote ou  souflete.

O! Gade kijan jennonm lan ap «lave men» l’ nan figi ti bway la mesye. Msye pa gen moun ki pou pale l’. Men, se pa posib sa.

Ann wè ansanb yon lòt sans «Lave men» an genyen ankò. Monchè, m’ pa konpwann Kesedjo ditou, mesye sa ap travay lontan, men msye pa janm fè ekonomi, li pa regle anyen, gen lè yo jwe l’ yon jwèt, yo lave men l’.

Yon moun yo «lave men» l’, oubyen «men l’ lave», ebyen se yon moun yon malveyan itilize yon pwosede mistik pou fèl pa ka rasanble lajan pou l’ fè ekonomi. Tout jefò moun sa fè, se an ven kidonk se lave men siyel a tè.

Yon moun ki «lave men» l’ siyel a tè, se yon moun kap fè kòve, yon moun kap charye djo nan panyen banbou.

Ekspresyon lave men an, vle di tou abandone, nye, bay vag. Monchè, mwen pale ti pitit sa jis mwen about, li refize tande,  finalman, mwen «lave men» m avè l’. Mwen pa nan syèk li ditou. Nenpòt pwoblèm li genyen pa rele m’.

Anpil moun isit lè yo fin kraze peyi a, yo diw, ò tout moun rèsponsab. Atansyon, nan zafè kraze peyi, mwen pa mele, mwen «lave men» mwen tankou Pilat.

Isi : Lionel DORCILIEN

E-mail : leoneldorcilien79@gmail.com