Anpil fwa nou toujou tande gen moun ki ap pale mal avoka paske yo chwazi defann x ou Y . Gen moun ki menm di yon avoka pa ka yon bon kretyen , yo konsidere nou menm avoka kòm moun move zafè , men anpil fwa se inyorans ki koz kek moun panse konsa.

Fok mwen di nou ke yon avoka se yon moun ki la pou defann menm jan yon medsen la pou swaye. Si medsen an refize bay yon moun swen se yon mankman a seman «Hippocrate» la, se menm jan pou yon avoka , plis akizasyon an grav plis avoka a gen devwa poul defann.

Defann yon akize pa rezime selman a yon aplikasyon dwa a. Avoka a patisipe tou nan mizannèv dwa moun , libète fondamantal e dwa a diyite . Mwen vle nou konnen ke o dela de zak kliyan an komèt la avoka a defann tou limanite.

Nan dwa penal pa egzanp lè’w se avoka defans lan se pa sansib ou pa sansib a soufrans viktim nan okontrè avoka a patisipe nan bon mezi lajistis pandan lap fè tout sa ki nan konpetans li pou li kapab evite tout alterasyon sans zak ki dwe jije a.

Si Yon avoka refize defann yon prevni pou kelkeswa zak li ta komèt la nou ta ka panse ke avoka sa nye pati imen moun ki komet zak la e nan sans sa avoka ki refize a renonse a pwop imanite pa li.

Nou avoka nou pa al nan tribinal pou nal defann krim ou lòt zak nou la pou defann moun paske se imen ki enterese nou. Nou la pou nou defann dwa e non la moral. Limit ant sa ki moral e sa ki pa moral vin pi flou e pi pèsonel jounen jodia . Wol nou se defann kliyan nou jiskobou , Nou pa la poun jije si yon zak kliyan nou komet moral ou pa.

https://www.facebook.com/fleremelaw

Pandan anpil moun konprann avoka mal m vle di nou ke yon avoka se yon pè ou mè de famiy, se yon moun ki gen pwòp konviksyon pa li men tou li se yon jiris e yon pwosè se yon kesyon de dwa e inikman dwa, se pa yon kesyon moral.

Lè yon kliyan nan sitiyasyon difisil nou pa la pou vin pale de moral men nou avoka nou la pou dwa pou lalwa . Tout zak yon moun fè li se prezime inosan se ministè piblik la ki pou vini ak prèv pou pwouve kilpabilite akize a. Se pa akize a ki pou demontel inosan . Si nan montaj dosye lapolis lajistis fè erè nou menm avoka nap toujou eksplwate erè sa nan enterè kliyan nou.

Etid dwa Se yon disiplin ki ankadre tout relasyon sosyal antr moun e lot gwoup, Ke se swa se antrepriz yo ,fanmiy yo, mond politik elatriye. Se vrèman yon bel bagay lew se avoka kote’w deside mete’w o sèvis enterè moun ki konfwonte a yon pousuit ou yon akizasyon.

 Moun ke sosyete a rejte , moun opinyon piblik la konn deja kondane san jijman , moun anpil fwa fanmiy zanmi abandone. Nou menm avoka anpil fwa se sou zepol nou kliyan ki ap fe fas ak lajistis yo kriye, nou pa janm dekouraje e Se plezi nou kom avoka pou nou pote bon jan èd jiridik ki presye e ki pwofondeman imen a moun ke sosyete a trouve ki sal.

Nou se avoka nou la pou lalwa, pou dwa, pou defann moun men nou pa la pou jije sa ki moral ak sa ki pa moral.

Nou se Avoka!!!

Me Pelex Flereme, Avoka