NEG WOUJ AK NEG NWA!

Listwa peyi dayiti, peyanm, domine pa 2 koulè :

Koulè wouj ak koulè nwa,

Pwoblèm gouvènans pa gen koulè ,

Solisyon l’se nan sèvo ak lalwa.

Maladi sèvo te lakoz nou sasinen Dessalines ,

Jouk jounen jodi n’ap di konstitisyon se papye,

Bayonèt pa solisyon nan mitan lobèy ak rankin

Nèg wouj ak nèg nwè dwe aprann negosye!

Si depi nan ginen nèg pa sispann trayi nèg,

Ni nèg wouj ni nèg nwè ta dwe fon lot kalkil,

Olye nap kontinye fè bagay yo  san règ,

Poukin pa deside met lod nan lakou trankil?

Nan tout listwa n si se pa sasinay se dechoukay,

Malere dechouke matyè gwo bacha dechouke lèspwi,

Rat kay toujou ap manje pay kay,

Elas! ni nèg wouj ni nèg nwè ansanm ap depafini!

VALCIN Délinord,poète,slameur.