Sòti mwa janvye pou rive mwa oktòb 2020 an, lapolis nan Nò sezi 22 zam a fe ak zam blanch nan kad operasyon koukou wouj yo  lanse nan depatman an.

Okap, https://www.lemiroirinfo.ca, Lendi 19 Oktob 2020

Pandan operasyon yo, la polis sezi: 2 fizi kalib 12 milimèt, 6 revòlvè 9 milimèt, 8 revòlvè 38, 3 fizi atizanal (zam kreyòl), 2 kouto, 4 manchèt, plizyè fwenn pechè abitye itilize pou peche pwason, chèn, 2 telefòn pòtab, elatrye. Zam sa yo pwal transfere nan nivo direksyon jeneral polis nasyonal la daprè eksplikasyon pòt pawòl Nò PNH la.

Enspektè divizyonè Anassé Dorival konfime tou, arèstasyon Wendy Pierre, dimanch 18 oktòb la ki fè pati gwoup B29 ki abitye opere karenaj nan dezyèm vil peyi a. La polis lage koukou wouj dèyè do rès manb gwoup sa ak lòt ankò ki anpeche popilasyon an vake libreman a okipasyon li, selon mesye Dorival.

Pòt pawòl Nò PNH la konfime enfòmasyon sa yo nan yon rankont ak la près aprè midi lendi 19 oktòb la nan lokal Direksyon Depatmantal Nò polis nasyonal la.

Auteur : Léonel DORCILIEN