Mo « RÈS » pa twò genyen anpil sans an kreyòl. Toutfwa, li itilize pou di sa ki rete a. Mwen pa genyen ase pwa pou m’ fini plante rès jaden an. Paske plant lan pa fin rive. Apre nou fin banbile, TI RES la se pou Pep la!

An Ayiti, moun pa gen problèm pou manje RÉS manje yon lòt moun ni bwè RÈS klèren yon lòt tou. Monchè, tout bagay fini. mwen genyen yon RÈS manje sou tab la ou ka degaje w ak li.

RÈS manje ki rete sou tab la se lè vant tout moun fin plen. Pafwa RÈS la se timiyét moso. Tèlman kònn pa genyen ki rete pou sere, se chyen yo oblije bay ti RÈS la.

Tan pou nou jete RÈS manje a, al rele timoun kay vwazin lan pou yo vin manje. Paske zafè yo pa bon, menm lafimen dife pa monte. Sa vle di Chodyè pa monte.

Monchè anivèsè Titosh la te byen pase premye desanm lan. Anpil RÈS manje ak bwason rete. Tèlman genyen RÈS bagay ki rete, genyen bagay pou nou ta òganize yon lòt fèt ankò.

Lavi se sa tèt chaje. Pa bò isit, chak jou n’ap jete RÈS manje epi grangou ap touye zanmi ak fanmi nou lakay.

An Ayiti, dirijan yo toujou pran pouvwa a nan non pèp la e pou pèp la. Pratik la montre menm RÈS ti miyét moso li pa konn jwenn. Pouvwa a separe ant gwo palto. Tankou moun ki te bay lajan pou fè kanpay a eli. Pòs vann an pate cho. Privilèj yo pataje antre patizan. San yo pa chache mete moun ki konpetan pou fè travay yo mande pou fè.

Aprè twazan prezidan an fè ap banbile ak tizanmi li yo sitou sa yo ki te bay mwayen pou fè kanpay la. Kounya li ti rès la se pou pèp la. Eske se pou pèp la jwenn ti RÈS ki li fè lajistis mete Arnel Belizaire anba KÒD? Eske se pou pèp la jwenn ti miyèt yo ki fè Dimitri VORBE ak Elizabeth PREVAL nan MAWON ?

Depi digdantan, chodyè a toujou monte nan non pèp la, li desann nan non Tizanmi.

Auteur: Quetony SAINT-VIL