Mwen pat la, tanpri debare mwen pou moun yo wè byen kiyès kap pale a.Leve rido a. Banm yon chez ak yon mikwo byen klè pou tout moun konprann an bon kreyol tout sa m pral di la. Debare m’,Se : Léonel DORCILIEN.

Okap, https://www.lemiroirinfo.ca, Dimanch 16 Fevriye 2020

Daprè eksperyans m fè nan peyi isit, lèw bare, sa vle di lèw  razè, se sèl moun ki moun paw la tout bon vre k’ap debarew. Gen yon seri moun, si se pou yo lèw bare, ou fenk kare bare.

Genyen moun ki amize yo nan bare lòt moun pou anpeche yo progrese. Jan de moun sa yo dwe konnen, nan lavi, se pa tout moun ou ka bare. Gen moun wal chèche mwayen pou bare, lanati ap fwapew trè fò kare bare.

Jodya, sa ka rive zanmi, ou bare yon moun nan yon kafou de tèt, men pa janm bliye, demen maten, se menm moun sa ki ka barew nan yon kafou kat tèt. Bon, siw kwaze ak yon moun ki rankinye, monchè moun sa p’ap debarew.

Anpil fwa, lè dirijan isit pa pran rèsponsabilite yo, lè yo pa ateri, yo toujou ap chèche ekskiz nan koupe bwa bare chimen kòmkwa se X ou Y ki bare yo. Jan de dirijan konsa fè zero bare.

Se pa serye ditou, n’ap viv nan yon sosyete, gen moun ki pran plezi yo nan bare wout pou bare moun yon fason pou dechèpiye yo lè y’ap pase. Sak pi enèvan, gen nan yo ki pa menm bare vizaj yo.

Ou konnen sa m’ renmen ak moun pa bò isit, menm moun k’ap rele bare vòlè a le pli souvan, se li ki vòlè a. Gen moun, lè yo bare yo nan sak pa sa, se ou ki pou wont pou yo. 2 grenn je yo kranm kranm.

Mwen retire chapo  devan nèg isit. Kijan w ka konpwann pou yon nèg fè jwenn mwayen pou li bare wout dlo k’ap desann poul fè dlo  rantre lakay li pou dil inonde poul fè lajan.

Genyen yon seri moun isit, m’ obsève yo byen, yo si tèlman ap kouri dèyè lajan, yo tèlman vle fè lajan nan nenpòt ki vye kondisyon, yo sanble ak moun jou bare.

Ou wè, lèw tande jou barew, fòk ou pran anpil prekosyon pou kotew pase, yo pa rele dèyèw, bare, bare, bare.

Auteur: leoneldorcilien79@ gmail.com