Yon etid montre genyen plis pase 155.000 moun ki kapab mouri anba covid-19 la nan peyi tankou Brezil, Perou ak Chili si anyen pa fet pou frennen kous malady a.

Santiago de Chili, https://www.lemiroirinfo.ca, Mercredi 27 Mai 2020

Daprè yon etid ki reyalize pa enstiti Metrik ak Evalyasyon Pou Sante (IHME) ki trouve li nan inivèsite Washington kapab genyen plizyè milye moun ki pedí lavi yo ak covid 19 la nan rejyon amerik di sid la espesyalman nan peyi tankou chili perou al brezil.

Selon etid sa soti mwa jèn Pou rive mwa dawout kap vini la covid 19 la ka voye nan peyi San chapo 11 mil moun nan peyi chili, 19 mil perou e 125 mil nan peyi brezil.

 Nan yon entèvyou li bay jounal la tercera madanm Amelia Apfel, pot pawòl IHME, fè konnen kantite moun ki deja mouri pou konnya nan peyi Brezil konsène sèlman 19 Eta  pami 26 Eta ke peyi sa genyen.

Li kontinye Pou di kantite moun ki ka mouri chak jou nan peyi sa ka rive plis pase 1500 moun. N’ap raple projeksyon sa sa ale nan menm sans ak sa òganizasyon Panamerikèn pou sante te fè, sa pa gen lontan kote direktris òganizasyon sa Carissa Étienne te deklare bay ajans près  (AFP) ke sitiyasyon amerik di sid la ka provoke anpil kè sote nan mitan moun k’ap viv nan rejyon an.

Auteur Sylvio Sainterlin