Port-au-Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Dimanch 08 janvye 2023

Dezyèm lendi mwa janvye a kise lendi 09 janvye 2023 se ap fen manda 10 senatè yo kite kouvri anba proteksyon iminite palmantè.

Menm avan manda yo fini, onorab sa yo ta va enplike nan tout kalite zak tankou drog, blanchiman lajan, koripsyon ak finanse gang k’ap fè lalwa nan peyi Dayiti daprè sa peyi Canada avek Lèzetazini fè konnen.

Me non 10 senatè k’ap pèdi iminite a minwi lendi 09 janvye 2023 a :

  1. Joseph Lambert, depatman Sidès,
  2. Rony Celestin, depatman Sant,
  3. Jean Marie Ralph Fethière, ddepatman Nò,
  4. Patrice Dumont, depatman Lwès
  5. Garcia Delva,depatman Latibonit,
  6.  Jean Rigaud Bélizaire,
  7.  Denis Cadeau,
  8. Wanique Pierre, Nodès
  9. Kédlaire Ausgustin, Nodwès
  10.   Pierre François Sildor, Sid

Mesye sa p’ap ka mande prolongasyon paske yo pa an pozisyon fòs.

La rédaction