Nan kad nouvo pwogram imigrasyon ameriken an lanse pou pèmèt migran ki soti Ayiti, Venezuela, Nikaragwa, Kiba, moun ki enterese vi n sipòte ap bezwen kreye yon kont pèsonèl pou ka ranpli fòm epi founi enfòmasyon nesesè sou tèt li. Suiv etap ki nan atik la pou w ka kreye kont pa w la.

Washington, https://www.lemiroirinfo.ca, Samedi 07 Janvier 2023

Me lyen an: https://www.uscis.gov/CHNV vers https://www.uscis.gov/i-134a

Etap 1

W ap klike sou lyen sa pou ka monte dirèkteman sou sitwèb ofisyèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) an.

Etap 2

W ap gade anlè epi agoch ekran telefòn oswa òdinatè ki nan men w lan, w ap klike sou pati ki make MENU an (li gen 3 ti ba bò kote l). Aprè w ap klike sou Create Account.

Etap 3

Ekri imèl ou epi konfime l kote yo montre w la.

Etap 4

Nan pati sa, w ap ekri imèl ak modpas ou epi w ap klike sou Sign up.

Etap 5

W ap ale toudsuit sou bwat mesaj ou kote y ap voye yon kòd pou ou. Aprè w ap klike nan lyen ki gen koulè ble a.

Etap 6

W ap mete kòd yo te ba w la nan pati ki make “verification code” la.

Etap 7

Nan pati sa, y ap poze w 5 kesyon pèsonèl ki fasil, w ap reponn yo.

Etap 8

Aprè w ap klike sou login USCIS SERVICE, epi kont lan ap tou kreye.

Li atik ki anba a pou w konnen plis enfòmasyon sou ki moun ki kapab esponnsorize w nan pwogram sa.

ou zafè imigrasyon an ap pèmèt jiska 30 mil moun antre Etazini chak mwa ak dokiman legal nan men yo. Nan kad program sa, yon moun ki vle aplike dwe genyen yon sipòtè nan peyi Etazini. Daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS), dekouvri nan atik sa kiyès ki ka yon sipòtè.

USCIS fè konnen, sipòtè ki Ozetazini pral fè yon demand sou entènèt gratis nan non yon benefisyè pandan y ap soumèt yon fòmilè I-134A bay USCIS pou chak benefisyè. Esponsò sa yo ka moun ki ranpli pou kont yo, oubyen ki ranpli ak lòt moun, oswa ki depoze demand sou non òganizasyon ak lòt antite.

Li enpòtan pou w konnen, ni moun ki se benefisyè a, ni moun ki se esponnsò a p ap gen pou peye okenn lajan pandan y ap depoze fòmilè I-134A la. 

Daprè otorite ameriken yo, pou aji kòm yon sipòtè, yon moun oswa yon moun ki reprezante yon antite ou dwe: swa yon sitwayen ameriken, swa yon nasyonal oswa yon rezidan pèmanan legal; oubyen ou dwe genyen estati legal Ozetazini tankou Estati Pwoteje Tanporè (TPS) oswa azil; oubyen tou ou kapab sou libète pwovizwa oswa sou aksyon difere oswa depa fòse difere. Apre sa ou dwe pase verifikasyon sekirite ak antesedan, ki gen ladan sekirite piblik, sekirite nasyonal, trafik moun ak eksplwatasyon pwoblèm; epi demontre ou gen ase resous finansye pou resevwa, kenbe ak sipòte moun yo dakò pou sipòte yo.

Kèk egzanp sou kalite sipò esponsò a ka bay moun k ap benefisye pwogram nan:

Daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an, sipòtè a dwe akeyi benefisyè a lè li rive nan peyi a epi mennen li nan yon kay ; veye pou benefisyè a genyen kote ki an sekirite epi apwopriye pou l rete pandan tan liberasyon kondisyonèl la ak ranpli bezwen de baz yo; si sa nesesè, ede benefisyè a ranpli dokiman nesesè tankou otorizasyon pou travay, kat sekirite sosyal ak sèvis li ka gen dwa; veye pou swen sante ak bezwen medikal benefisyè a satisfè; epi si sa nesesè, ede li jwenn edikasyon, aprann anglè, ede pitit li ale lekòl.

USCIS kontinye pou l di, sipòtè yo dwe mete non benefisyè a sou Fòm I-134A. Sipòtè yo pa kapab ranpli yon Fòm I-134A sou non yon benefisyè ki pa idantifye. Yon moun k ap bay swen ka dakò pou sipòte plis pase yon benefisyè, tankou pou diferan manm yon gwoup fanmi, men li dwe ranpli yon Fòm I-134A separe pou chak benefisyè.

LOOP