Fet zanzet jou 2 janvye enspire 2 patriyot : Jean Elissaint SAINT-VIL ak Maquilene Baptiste«Beni yo» chante pa Emeline Michel ke 2 grandet sa yo prodwi refleksyon pou onore Zanset yo ki te bay vi pou libere nou anba chen lesklavaj!

2 janvye se jou ofisyèl pou Ayisyen onore zansèt yo.  Kategorizasyon yo ofri nan yon tès ADN ka di anpil kichòy enteresan osijè fanm ak gason ki te fè rankont seksyèl, melanje ADN yo, jiskaske nou rive nan konbinezon inik nou chak ye jounen jodi a.

Gen yon voum lòt enfòmasyon ki pèdi pou tout tan gen tan, osijè motivasyon, sikonstans rankont sa yo k ap fèt depi plizyè milyon ane.

Nan okazyon jou zansèt yo, ane sa a, mwen gen yon panse espesyal pou nèg ak nègès Wayom Dawome, Kongo, Ngola, Gana…ki reprezante nan tablo pi ba a ak mo « Nigerian », « Angolan » elat…. Se zansèt sa yo ki kontribye pi plis nan ADN mwen.

Pami yo genyen ki te gran fouyadò ki te pèmèt sosyete yo fè pwogrè. Sinon, genyen tou ki te move plan: magouyè, vòlè, piyajè…asasen menm!

Jodi a, nou resevwa tout selil ADN yo alawonnbadè! Men, nou di mèsi espesyalman bay sila yo ki te goumen pou sa ki byen, pandan tout milyon ane sa yo. Sila yo ki te kanpe kont anvayisè ki te atake Wayom Gana, Wayom Kongo, Benen, Dawome, Ngola…Nèg ki te mouri ap goumen, men ki te gen chans gen tan kite jèm lanmou nan vant yon nègès vanyan ki te siviv gwo travèse lanmè Atlantik la.

Nègès ki te nan Lame Liberasyon sou kòmandman Toya, Lyetnan Sanite Belair, osnon sou zòd Marijann Lamatinyè…ki te gen tan sove lavi yon pitit men ki mouri sou chan batay la 17 novanm 1803. Nou pa ka jwenn non yo, men nan tout selil kò nou, nou gen ADN yo.

Jafrikayiti : Jean Eliassaint SAINT-VIL

Jodi a, nou gen yon panse espesyal pou sila yo ki te viv epi mouri nan lanfè koloni Sendomeng men ki te wè Ayiti nan rèv yo. Rèv yo te fè pou yo, pou nou, pou yo, ki po ko yo.

Apre nouvo lib yo te fin selebre  kòkennchenn fèt lendepandans yo  premye Janvye 1804 nan vil Gonayiv, e prezante nasyon an ak lendepandans pwouve yo lib ,  yo te chwazi 2 Janvye pou onore memwa tout moun ki te sakrifye kouraj yo, lavi yo pou Ayiti vin yon repiblik lib e endepandan. Nan lang fransè yo di jour des aïeux

  Lonè ak respè pou sila yo ki te peri pou tè papa Desalin nan rive jwi dwa grandèt li !!

 Lonè ak respè pou sila yo ki te brave danje devan sòlda jeneral Rochambeau.

  Nan vodou ; dat 2 Janvye a gen yon enpòtans kapital , se yon moman pou tout sèvitè, eritye loa yo jete dlo, kafe klèren pou salouwe espri zansèt yo,  remèsye yo , chante pou yo , liminen pou  eksprime yo rekonesans yo. Gras a  akonpayman loa zansèt yo depi nan seremoni Bois Caïman rive nan Viktwa lame endijèn nan te ranpòte nan  Batay Vètyè, Ayiti se premyè repiblik nèg ki lib e libè.

Ayibobo pou loa yo, Ayibobo Vodou.

            Maquilène BAPTISTE.