
RIBRIK: M TANDE, M WÈ, M APRANN EM KONPRANN
Kouri, se yon bagay ki nan kilti Ayisyen. Ayisyen an toujou mete nan tèt li, to ou ta ap gen yon kouri. Avan kilè ou tande yo diw, banm kenbe sa toujou papa pou si gen yon kouri.
Anpil moun isit konn kouri, men yo pa konn kache, konsa tou, gen moun ki konn kache men yo pa konn kouri. M’ap mande jiskilè moun isit ap sispann kouri pou lapli tonbe larivyè.
Bon, sa li, m resi pa konprann li, apa m’ wè alèkile, anpil jenn gason penyen tèt yo ti kouri. M ta pa renmen yon moun di m’ dèyè kisa y’ap kouri ekzakteman.
Gen yon seri moun ou wè k’ap pakouri pasi diskouri pala, y’ap kouri dèyè yon sèl bagay « lajan ». Si pa malè, ou ta di yo sa, si yo pa kouri sou ou, y’ap kouri avèw tankou mò k’ap gate.
Genyen moun, anpil fwa nayivte fè n’ap kouri dèyè yo pip pip, pye pou pye. Nou dwe pridan ak yo pou yo pa lage nou nan kouri. Depi kèk tan, ensekirite a ap kouri tout boulín, jan ensekirite a ap kouri la, li ka al patisipe nan kous.
Aprann sa, pa janm fè erè sa, gen moun ou wè ki kouri pa pwan chans kouri dèyèl. Lèw pa panse ou pwan nan pyèj, ou ka nan bon kouri.
Kòm m wè lè a ap kouri, map di nou an konklizyon, daprè eksperyans m’ fè, gen moun lèw an danje, olye yo sekouriw yo prefere lage w’ nan kouri.
Léonel DORCILIEN