Des micros et des enregistreuses de journalistes
PHOTO : ISTOCK

Arete prezidansyel ki enpoze kouvre-fe sou tout peyi ant 8 è nan aswè jiska 5 kè nan maten divize jounalis ak patron medya yo. Arete sa vize ralanti sikilasyon moun yo nan lide pou anpeche covid-19 la propaje. Toutfwa, jounalis yo souvan genyen difikilte pou sikile pou fè travay yo. Yon desizyon ki pa mache kole ak konstitisyon peyi Dayiti ki di se selman si peyi a ta nan lagè pou yon jounalis ta bezwen yon otorizasyon pou li sikile.

Potoprens, https://www.lemiroirinfo.ca, Dimanch 10 Me 2020

Sekretè jeneral «SOS-Journalistes» yo, Guyler C. Delva, anonse yon sit-in, jounen  lendi 11 Me 2020 an nan Potoprens pou proteste kont mezi sa ki vize mete baboukèt nan bouch jounalis yo.  Kèk jounalis ak direktè medya divize sou kesyon sa.

«Yon jounalis  rete yon sitwayen. An tan ke modèl pou sosyete a yo sipoze obeyi a regleman etabli yo. Nou dwe mache nan legalite. Nou genyen yon trètman de favè kanmenm. Paske leta rekonèt  ke jounalis yo genyen dwa nan lari a pa rapò a rès manm nan sosyete a. Leta paka kontwole ni sansire enfomasyon n’ap bay yo. Si nou vle chanje peyi dayiti fok nou aprann respekte lalwa ak regleman otorite yo mete sou pye. Si mwen ta an Ayiti, mwen t’ap pami premye moun ki ta pral chache otorizasyon sa pou m’ te mete li nan vit machin mwen pou m’ te kapab genyen dwa sikile nan lari a» Wendel Bataille, jounalis ayisyen k’ap viv nan peyi Etazini.  

Bò kote pa li, loreya 2020 pri radyofonik de «Justice Sector Strengthening Program» pa wè bagay yo menm jan e li estime mezi sa pa makonnen ak lalwa. «Premye sa m’ap di, m’ap di desizyon an enkonstitisyonèl, li pa kadre, li pa makònen ak manman lwa peyi a. Franchman m’ap di desizyon an pa etone-m. Li pa etone-m paske se pouvwa ki la a, se moun ki la yo ki pran l’. Ou wè se yon pakèt amatè, yon pakèt moun kap tatonnen, yon pakèt moun ou gen enpresyon ki pa gen konseye oubyen ki pa pran konsèy, yon pakèt ekspè nan blòf ak manti» Donald Germeus.

Antouka daprè mwen se pa yon desizyon yo pran pou mete baboukèt nan bouch laprès…Kòm se yon pakèt fo dirijan san kilti ak kilti jeneral, pwiske yo wè lòt kote ap pran desizyon, yo menm yo pran tou san teni kont de reyalite sosyal ak politik peyi a. Antouka pou-m fini, m’ap di sa ki fè-m mal nan dosye sa se paske m’wè yon pakèt « gwo medya » oubyen yon pakèt gwo jounalis oubyen yon pakèt jounalis nan swadizan gwo medya sa yo ki, olye yo pwoteste, konteste, bat chalbari dèyè desizyon sa, malerezman yo bè-y fouch, yo bè-y jarèt lè yo deside èy cheche otorizasyon pouvwa egzije a. Se yo menm, domaj, ki bay desizyon tèt chat la fòs» Donald Germeus, loreya 2020 pri radyofonik de «Justice Sector Strengthening Program».

Alex Albert Obas, ansyen minis kilti ak kominikasyon kwè se avantaj yon seri jounalis ak medya ap chache nan pouvwa ki fè yo paka leve vwa yo pou denonse desizyon gwo ponyèt pouvwa an plas ap pran. «Se domaj jounen jodya pou yon medya ak yon jounalis konsidere tèt yo kòm gwo medya ak gwo jounalis fòk yo gen zanmi nan pi wo nivo nan leta a. Lè konsa yo oblije pa ka kontèste yon desizyon zanm’an yo pran».

Veteran nan zafè radio pou rejyon Nò a kwè genyen anpil egzaksyon ak vyolasyon dwa moun ki kapab fèt nan okazyon sa. Li bon paske depi se kouvri fe, se  sel chèf ki nan lari se yon moman grav tout bagay ka fèt. Si yo di w’ap bay otorizasyon malgre sa fok nou pran prekosyon wi nan laria, gen de moun si yo bezwen otorizasyon se pou nou al chache li pou nou genyen yo rezon. Se yon moman dwòl li ye ,sak pi enpotan se prekosyon. Wi se tout dwa nou yo retire, se sel pouvwa a ki gen dwa» Alex Albert Obas envite jounalis fè anpil pridans paske nan peryod sa toujou genyen egzekisyon somè ak regleman de kont.

Eske mouvman sekretè jeneral « SOS-Journalistes»yo, ansyen minis kominikasyon ak kilti, Guyler C. Delva, ap fè gouvenman an fè bak sou desizyon sa epi pèmèt jounalis yo idantifye yo ak baj medya y’ap travay pou li a ? Yon dosye n’ap swiv.

La rédaction