
Chak epòk koup dimond rive, tout kotew pase se yon refren, koup dimond koup dimond ou mondyal, mondyal. M pa inyore sa paske se yon gwo evenman fout bolistik ki fèt chak kat lane. Se plis ke nòmal pou fanatik ak djo kannèl boul fi n wè mò ou byen fi n awoyo. Sofke, gen moun, m pa vrèman wè kisa bagay sa rapòte yo.
Cap-Haitien, https://www.lemiroirinfo.ca, Mercredi 16 Novembre 2022
Yonn nan kesyon fondal natal ou dwe poze tèt ou, nan ki kouran elektrik ou pwal ploge aparèy televizyon ou a pou suiv match yo? Antouka.
Atansyon, m konnen gen moun ki chanpyon nan defòme ou mezentèprete sa moun di. M pa di moun pa distrè yo, ni chase estrès non plis, dayè ki ta dwa m’ pou m’ ta di yon gwo koze konsa, frekan m’ ta frekan.
An fèt, nan kalfou difisil Ayiti ap travèse jounen jodya, menm si yo ta peye ayisyen voum lajan poul pyafe ak kaladja, sensèman, li ta dwe di non mèsi. Pèp sa, si tèlman gen pwoblèm, m’ap mande, si se fanmiy aritmetik li ye.
Pandan tout yon mwa, nou pwal bliye kò nou nèt nan distraksyon, tandiske, gen posibilite pou machann dezagreman ak zèfèyis yo profite okazyon sa pou yo opere pi plis. Pa bliye, depi fèt fen dane yo rive, fenomèn ensekirite a toujou monte.
Okontrè, Ou p’ap menm ka two enfòme pase sa paske medya tradisyonèl yo ap pryorize nouvèl spòtiv sou nouvèl politik ak sosyal yo.
M’ap fini pou m’ di, mete sa nan tèt nou, ekip ak jwè n’ap chire chemiz pou yo a, anpil nan moun sa yo rasis. Dayè, gen nan peyi sa yo, yo voye Ayiti kònè, yo ba nou gòl ak men, yo ba nou kat wouj nan domèn devlòpman dirab kote yo rive fè nou kata pitit la.
Avantaj m genyen, petèt m ka pa eklere tou, m pa fanatik ni ekip ni jwè sesi sela, ni kesedjo kesekwann.
Sèl bagay *Léonel* fanatik *DORCILIEN*