Adolphe Esterve se yon atizan k’ap travay nan mache touris Okap la ki sou boulva. Malgre gen kowonaviris li kontinye ap pwodi zèv tout kalte mete la. Ak anpil detèminasyon e motivasyon. Nou te rankontre l’ nan samdi ki te 16 me 2020 an.

Kap Ayisyen, https://www.lemiroirinfo.ca, Madi 19 Me 2020

Nou trouve n’ nan mache touris Okap la, ant ri 23 e 24 boulva li fè plis pase 9è nan aswè nou kote Kay atizan yo ye a. Se la, Eskiltè Adolphe Estève ap travay anba yon anpoul blan kap limen. Yon ti bout pantalon djin ble sou li, yon ti chemizèt nwa. Tèt li panche adwat ak yon kepi ble ladann.  Vizaj li plen bab, li kanpe anwo yon tab atelye anbwa. Yon sizo nan men l’. L’ap fin kèk bèlte nan plizyè pòtrè nèg mawon ke li fè ak moso bwa se konsa li tradui santiman, pasyon amou l genyen pou lanati sou moso bwa sa yo. Menm si gen kowonaviris li pa kanpe travay, li menm.

«Ou konnen se Profesyon nou se de li nou viv. Malgre sitiyasyon, moman difisil yo.  Men nou toujou kanpe gras a Dye nou pa malad, nou gen fòs nou toujou rete ak aktivite nou, nap travay», se konsa eskiltè Adolphe Estève ap esplike.

Li pa kache amou, santiman ke l’ eprouve pou metye a. Menm si moman pa fasil li oblije ap travay. Malgre kowonaviris ap layite kò l nan peyi a. Li rekonèt trè byen. «Travay sa limenm se pasyon nou. Ou konpwann. lòske w se yon atizan e nan domèn pa nou an ki genyen anpil teknik ladann.  Depi se nan pati sa w ye, ou oblije okipe lespri w toutan. Fòk ou toujou ap ogmante lespri a. Sa koz nou kontinye ap fwape. Malgre sitiyasyon an difisil nou kontinye ap travay».

Bwa yon zouti enpòtan

Nou konnen bwa se yon eleman ki gen anpil enpòtans isit. Yo itilize l’ pou fè chabon, nan fou pou fè pen, mèb, fè Kay elatriye.  Estève Adolphe bò kote pa’l. Li  Itilize bwa yon lòt fason. Sou chak moso bwa li jwenn, li eseye trete, dekri yon seri de tèm ki nan nati a. Tankou  zwazo, flè, zannimo, pwason. «Nou se moun k’ap transfòme bwa. Kelkeswa jan l’ ye a. Nou travay li depi nan rasin rive nan tèt. Nan domèn ke nan nou an. Nou rive transfòme I’, nou fè l’ bay nou fòm jan nou bezwen l’ lan. Se sa ki rann ke lespri nou toujou ap travay. Menm lè n’ap dòmi lespri a li menm ap panse, ap travay».

Eskiltè Adolphe Esterve, gen 38 rekòt kafe sou tèt li. Se yon papa 4 pitit. Li fè nou konnen san kache. «Depi nan lane 1992, mwen te genyen 10 lane, m’ap transfome bwa. M te vrèman timoun lè m te Koumanse aprann profesyon sa. Depi lè sa, se de li m’ viv, m poko janm travay yon jou ak pyès moun. Tout travay mwen se domèn sa l ye. Paske mwen gen 4 pitit, se avèk yo tout timoun yo al lekòl».

«Premye a gen 16 zan, dezyèm nan 11 zan, twazyèm nan 9 an e dènye a gen 5 kan. Se avèk pwofesyon sa m pwan swen fanmiy mwen».

Leta sanble bliye atizan yo

 Nan moman kowonaviris la se sou kont Bondye bon atizan nan mache touris Okap l’ap viv. San l pa mete dlo nan bouch li, eskiltè Estève klè pou l di. «Nou pa jwenn okenn asistans nan men leta.  Se tande m’ tande nan radyo nan televizyon. Ke Leta ap fè pwopagann tout kote. men nou menm k’ap fè nan domèn atizana, otorite yo pa wè n’ ditou ditou nan peyi Dayiti. Yo pa wè nou menm pandan peryòd kowona viris la. Dayè touris pa rantre. Se lè touris  labadee yo rantre nou konn fè plis kòb. Pandan kesyon kowona sa, nou pa jwenn ni asistans leta ni nou pa jwenn okenn kliyan tou ki vin mande n’ kisa nou genyen pou vann».

Li kontinye pou di : «Men nou toujou kontinye ap travay paske se domèn nou se de li nou fonksyone nou pa gen pwoblèm pou nou travay menm lè nou grangou  nou kontinye ap fwape. Jiskaske vag la pase» Adolphe Esterve.

Eskiltè nan mache touris Okap la pa janm kanpe travay malgre kowonaviris la. Mezanmi Èske l’ pa ta enpòtan pou mouche leta, espesyalman ministè kilti ak kominikasyon ta va lonje men pou ede yo?

Otè: Mackenz DORVILUS