A la une, Actualité, Art et culture, Brève, Créole

CHAT AK RAT : «Boulèt wout ant Jean Bertrand Aristide et Claude Joseph»

*Deba ki fèt semèn sa sou koze chat ak rat la, lakoz gen moun ki mete yo an chat pent pou yo suiv. « À bon chat bon rat». «Chat konnen rat konnen »

Sa prouve klè, gen moun yo se chen ak chat ki donk yo p’ap janm alèz vre. Sak sèten, ti rat pa janm fèt san latche. Antouka, «chat konnen rat konnen barik mayi a rete la »

*Anpil fwa, gen bagay ou wè k’ap pase, se rat pay k’ap manje pay kay. «Depi vant chat plen latche rat anmè ».

*Gen moun, menm lè chat pa pran lang yo an reyalite, yo p’ap opine ni sou chat ni sou rat ni sou kokorat nonplis paske chat dòmi nan recho moun sa yo. Anplis de sa, «chat pran nan dlo cho kon l’ wè dlo frèt li pè».*

An palan de sa, anpil fwa, m’ asiste kote moun mete yo an chat kalis, y’ap mache yon pa chen yon pa chat pou yo fè ti pa chat. Se pa kaka chat m’ap mete deyò, kite m’ di nou, moun ou pa ta panse ap fè ti pa chat sa vle di y’ap chache chat. Moun sa yo bliye, si bagay sa ka voye yo al bwa chat.*

Plizyè fwa, m’ tande moun k’ap joure lòt, chat mawon kòmkwa yo gra tankou chat a pè, di m’ ki kote w’serye ou pase. «Ou wè yo bay chat siveye bè».*

Me kijan yon seri moun ye, depi yo wè ou gen byen pou yo jwi, ou gen lajan, yo fwote sou ou pi mal pase chat.*

Mwen di nou sa deja nou pran pòz nou pa konprann. Nan sa nou ye la se pa blan je chat k’ap retire nou ladann.

*Dènyèman, m’ rankontre yon moun, lè m’ gade l’, m’ wè se yon tèt chat, m’ di l’ gade m’ byen pou l’ wè si mwen menm, m’ ka achte chat nan sak ni tou si gen moun ki ka banm mangous pou chat.*

*Isi, Léonel DORCILIEN*

*Jounalis & imoris*

%d blogueurs aiment cette page :