Di Desalin pou mwen apre yo fin tchwe l la leta isit tou kwatchòkò.

Di Petyon pou mwen rèv li toujou ap renye, toujou gen nèg po wouj, nèg po nwè, moun anwo ak moun anba.

Di Kapwa pou mwen jounen jodi nèg isit san kolonn vètebral.

 Di Jezi pou mwen levanjil li t ap preche a pa menm ak sa yo ban nou an, se ipokrizi, ak blòf k ap taye banda anndan legliz li a.

 Di Divalye pou mwen nou sonje tout enjistis kraze zo li yo men jounen jodi sa pa pi bon pase sa, di l yo ban nou yon konstitisyon ki anfavè yo sèlman se lè enterè yo menase yo sonje l.

 Di Catherine Flon ak Sanite Bélair pou mwen jounen jodi jenn fanm isit se tèt chaje, nan pwen sou lekòl ankò, nan pwen diyite ankò; sa kap lite yo leta isit fin gaspiye rèv yo.

Di Jacques Roumain, Etzer Vilaire, Oswald Durand, Thomas Madiou ,Franckétienne, Leslie Manigat ak Dany Laferrière pou mwen,  koze entèlektyèl isit se tèt pete, jenn isit pa sou lekòl ankò paske leta isit fini ak rèv yo.

 Di Lilliane Pierre Paul pou mwen mèsi pou batay li yo men koze lalwa bouch sa fè moun sal moun jan yo vle koz yo pa fòme e leta isit pa tèm.

Di Jean Dominique pou mwen jounen jodi nan pwen près ankò, se pale bèl franse pou fè pòch bèl, di l konsa non l’ preske pa site ankò, di l’ nan pwen moun k’ap mande jistis pou li ankò, di l’ konsa Vladjimir Legagneur, Rospide Petion ak Néhémie Joseph swiv li menm jan an e anyen pa janm di.

Di Steeve Brunach pou mwen zanfan yo toujou nan lari, yo toujou atè douvan palè nasyonal e leta isit pa sispann touye rèv yo.

Di Ti Roberto Badjo pou mwen, jistis li te tou mouri ak li, di l ti lèzany tankou l pa sispann pase mal, e di l 15 lòt te kangrennen anba flanm dife, leta kwatchòkò a touye rèv yo.

 Di Ansy Dérose, Roger Milien, ak Émeline Michel pou mwen  nan pwen bèl chanson ankò, kounye a se chawa pete, kawach, choute sou fanm, cho kilòt ak bakòpbakòp.

Di boujwazi san fwa ni lwa a ak tout mouche blan pou mwen mèsi paske yo trennen nou atè kote nou ye jodi a.

Di Aristide mèsi paske l te ban nou Préval

Di Préval mèsi paske l te ban nou Martelly.

Di Martelly mèsi paske l te ban nou Privert.

E di Privert mèsi paske l te ban nou Jovenel.

Gras ak yo « La perle des Antilles » an tounen « La terre des bandits ». Wi, bandi ak zam, bandi ak vès, bandi nan biwo byen friz, bandi ak konstitisyon, bandi nan machin ofisyèl, bandi k ap pale bèl franse kou kreyòl, bandi k ap deside avni nou.

E gras ak yo nou vin gen yon leta kwatchòkò.

Auteur:  Carlens Keynes Chery, juriste en devenir!?