Provèb kreyòl la di » kreyòl pale kreyòl konprann ». Se pa toutfwa kreyòl pale epi kreyòl konprann vre.
Konpreyansyon an depann de ki kote ou kanpe. Sa vle di nan ki pozisyon ou ye swa kòm otorite oubyen kòm senp sitwayen.
Pa egzanp: « SOTE » vle di: travèse, epanye, evite. Timoun yo renmen SOTE kòd nan rekreyasyon pou yo ka jwe.
Nan egzamen elèv la konn « SOTE » egzèsis nimewo 4 la al fè nimewo 6 la aprè li retounen fè sa yo li pa twò konprann yo. Sepandan, se pa nan tout egzamen ou ka « SOTE » yon kesyon.
Pa egzanp nan yon egzamen kondwit nan la « SAAQ » ou pa ka SOTE yon kesyon.
Madam mwen di m mwen fè kè li SOTE paske li pa konnen si m’t’ap parèt sou li nan douch la.
Moun lan di w li genyen yon kè SOTE. Paske li santi kè li ap bat fò.
Fòk nou fè atansyon lè nou ap itilize mo SOTE an kreyòl. Movèz entèpretasyon mo SOTE ka fè anpil mal. Letan pou w eskplike konteks la li ka deja twò ta.
chef pakè Pòtoprens lan te mete manda dame dèyè Arnel Belizaire, ansyen depite Tabarre a paske li te di: M’ap SOTE Anbasad Amerikèn lan pou al mete Barikad pi devan. Li ap SOTE komisarya X pou al mete Barikad nan tèl lòt zòn. Li ap SOTE Lopital pou al mete Barikad pi devan.
Otorite jidisyè yo te entèprete mo « SOTE » a nan sans mete dife, lanse bonm, lanse grenad. Lanse flam dife sou kay ak biwo leta tankou timesye yo te rele asayan pou moun ki te pròch lavalas epi liberatè pou sa yo kite ap sibi movè moman anba men chimè lavalas yo an 2004.
Li te deja twò ta pou ansyen depite Tabarre a te eksplike sans mo » SOTE » nan pakè Pòtoprens lan.
Se lapolis ki fè li SOTE monte rantre andan yon zoreken pou li al reflechi nan penitansye nasyonal.
Men lè ap kite pakè a, li di san kè SOTE li ap kontinye goumen jiskaske Jovenel Moïse SOTE 2 zan nan manda li. Arnel al nan prizon ak kè SOTE paske li pa konnen ki lè li ap SOTE selil li nan penitansye nasyonal pou vin SOTE lòt biwo leta pou al monte Barikad pi wo.
Auteur: Quetony SAINT-VIL