Crédit photo: Le Parisien

Timoun konn itilize mo filalang anpil. Filalang se lè yon moun ofri w yon bagay epi li pa baw li. Enben moun sa fè w filalang.

Tankou yon moun ki di w louvri bouch ou pou li ka baw yon kiyè manje. Lè w louvri bouch ou epi li mete kiyè a nan bouch li. Enbyen moun sa fè w filalang.

Nan kannay kandida a li nou, lè li pran pouvwa se te «terios» li ap woule epi li p’ap bezwen genyen anpil machin nan kòtèj li. Lè li fin pran pouvwa a sa li te di yo diferan. Li fè pèp la filalang.

Proveb la di Sa kòk di anlè se pa sa li di lè rive a tè. 

Pa egzanp; pliske yon lane ane, prezidan Jovenel Moïse te promet li pral òganize Kanaval nasyonal nan vil Okap nan okazyon 350 tan vil la ak 200 zan lanmò Kristof. Li tann nan denye moman yo epi li pete koken. Sa vle di li fè moun nan Nò  «filalang».

Menm prezidan sa te di pou 200 zan lanmò Kristof li ap konstri yon Teleferik pou mennen touris Sitadel. Ankò nad marinad. Sa rele filalang.

Li te di tou li pral konstri Boulva Okap la. Filalang pi red. Meri Okap pral yon meri ki  modèn nan peyi a.

Nèg promet li pral marye ak demwazel la epi li fe demwazel filalang li al marye ak yon lot fanm.

Auteur: Quetony SAINT-VIL