Me Pelex Flereme ap eskplike nou ki sa lalwa di e ki kondisyon pou w ranpli pou w vin avoka.
Montréal, https://www.lemiroirinfo.ca, Dimanche 02 Février 2020
Jan mwen toujou di nou pwofesyon avoka se yonn nan pwofesyon anpil moun pran daso. Anpil moun nan lari a k’ap di yo se avoka se pa vre. Men inyorans anpil moun konn ba raketè sa yo jere dosye pou yo e konn sa mal pase se menm moun sa yo k’ap mache di avoka sesi avoka sela.
Ann gade ansanm kijan pou yon moun avoka :
– Fok ou etidye dwa nan Yon fakilte oubyen Yon lekol dwa nan peyi a ke leta rekonet. Oubyen ou gen yon diplòm nan yon inivèsite etranje rekoni ki ekivalan ak lisans dwa a.
– Aprè ou fin reyisi 4 ane detid nan dwa ou diplome an dwa ou poko avoka
– Ou pwal gen pou prepare Yon memwa sou Yon sijè nan dwa , apre ou pwal prezante e soutni memwa sa. Depiw reyisi ou vin lisansye an dwa ou poko avoka toujou
– Apre lisans la ou gen plizyè opsyon se pa selman avoka ou ka ye , ou ka deside al fè metriz ou doktora , e oubyen ou vin Yon gwo konsiltan nan Branch ou chwazi a.
– Siw vle avoka ak lisans la ou pwal enskri nan Yon bawo, wap konpoze pou rantre e ou pwal nan lekol bawo a w’ap konpoze ankò aprè ou fin suiv Kou , si ou reyisi ou vin avoka estajyè, daprè dekrè 1979 sou pwofesyon avoka w’ap pase 2 zan kòm avoka estajyè aprè 2 zan sa yap fè evalyasyon pou ou e w’ap vin avoka militan.
Lojikman metye avoka se 6 Zan detid , men si pandan estaj la ou
byen aplike nan, dekrè sou pwofesyon avoka a bay posibilite pou estaj la redwi.
Atik 1 dekrè 29 mas 1979 la di tit avoka
Se pou moun ki lisansye nan dwa ki prete sèman pou sa e ki enskri nan tablo yon
òd ou sou lis estajyè de yon bawo repiblik la.
Nan ka senatè a ki ta mete non li nan ak jidisyè kòm avoka an enkonpatibilite , wi sa ta ka rive paske atik 30 alinea 3 dekrè sou pwofesyon avoka a di tout fonksyon manm kò lejislatif ou jidisyè enkonpatib ak pwofesyon avoka .Atik 16 la li menm di non avoka ki okipe yon fonksyon ki enkonpatib ak egzèsis pwofesyon avoka figire sou yon lis espesyal.
M tande Batonye a di non senatè a pa sou okenn lis e li pat janm avoka bawo okay. Atik 17 la di demand pou reenskripsyon dwe prezante pa rekèt a batonye a nan menm fòm ak lè w’ap mande enskripsyon.
Senatè a te komisè gouvennman eske otomatikman ou komisè gouvennman ou avoka pou sa ?
Lwa 20 desanm 2007 sou estati majistrati fe konnen Pou yon moun jij ou komisè gouvenman se 2 fason swa li pase nan lekol majistrati oubyen li rantre pa entegrasyon direk . Sistèm jidisyè ayisyen an divize an grad e nivo e suivan nivo e grad kritè yo ka diferan. Si yon moun pa pase nan lekol majistrati pou l’ jij ou komise di gouvenman fok li gen 8 ane ap pratike dwa kòm lisansye , 5 ane pou moun ki gen yon DESS nan dwa, 10 ane pou grefye ki nan tribinal yo ak yon lisans an dwa. Atik 24 menm lwa a di fok moun sa yo kap rantre nan majistrati a pa entegrasyon direk fe yon estaj pwobatwa nan lekol majistrati a
Pou moun kap mande eske depi yon moun te komisè gouvenman lè l’ pa sa anko li vin otimatikman avoka? Repons lan se non. Gen anpil komisè ki te gentan avoka enskri nan yon bawo anvan yo vin komisè se moun sa yo non yo nan yon lis espesyal avoka an enkonpatibilite , men gen kèk komisè ki pat gentan prete sèman , non yo pat sou okenn tablo , le yo pa komisè ankò yo oblije al suiv tout pwosedi nòmal yo pou yo rantre nan yon bawo kòm avoka.
Yon moun ki ap mache di li se avoka oubyen oubyen ekri non li nan ak kom avoka san se pa vre li fè yon enfraksyon ki rele » usurpation de titres ou fonctions » nan ka Senatè Jean Mari Salomon an si efektivman se ta vre, batonye òd avoka okay la kapap pousuiv li nan tribinal kote l’ap gen pou pran prizon soti yon lane rive 3 lane konfòmeman a atik 217 kòd penal la paske l’ di li se avoka bawo a san se pa vre.
Senatè a gen dwa jiris san li pa avoka.Yon jiris se Yon moun ki etidye dwa e ki gen Yon espesyalizasyon nan Yonn ou plizyè branch dwa, jiris la jere konsiltasyon. Li redije kèk ak jiridik , Yon jiris pa enskri nan pyès bawo, Li gen kòm misyon pwoteje antrepriz lap travay pou li a. Yon jiris pa ka plede devan tribinal. Jiris la gen dwa gen nivo lisans, metriz e menm doktora men Li gen limit li. Li pa bezwen prete sèman pou li egzèse metye li.Yon avoka se yon oksilyè lajistis , li prête sèman ,li ka negosye, konseye, redije tout ak, defann enterè kliyan li yo devan tribinal. Yon avoka se toujou Yon jiris men tout jiris pa avoka.
Si ou pa enskri nan bawo okay w’ap met non ou nan ak kom avoka senatè ou fè gwo enfraksyon. Jwèt pou ou!!!
Auteur : Me Pelex Flereme