Lave men ak savon, se yonn pami prensip ijyenik fondamantal ki rekòmande an tèm prevansyon kont maladi koronaviris la. Menm lè nou p’ap lave men nou chak 25 segond tankou lòt la te di l‘ la, men sa ki enpòtan nou dwe lave men nou regilyèman.

Nan moman sa, li enpòtan pou leta Ayisyen via DINEPA dwe pwan rèsponsabilite l’ tou  pou bay popilasyon an bon dlo pou moun yo ka lave men yo. Kidonk,  DINEPA pa dwe lave men l’ nan dosye sa.

Gen moun ki di yo pa konprann, genlè otorite etatik yo lave men yo tankou pons pilat nan pran bon jan dispozisyon pou amenaje ak ekipe kèk sant sante nan sèten zòn izole pou pran an chaj moun ki ta evantyèlman trape maladi a.

Si leta ta dil pa gen lajan pou fè sa, ebyen men leta lave, ou byen yo lave men leta poul pa ka ekonomize lajan. Mwen pa rete kwè ke yo lave men leta. Men leta pa lave, li gen lajan, gen bagay li ka fè.

Genyen yon seri moun ki sitèlman lave men yo lit lit, pa gen moun ki ka lave pye yo nan zafè lave men. Mwen pa yon nèg ki vyolan se vre,  men mwen ekzòte tout moun pou yo mobilize pou lave men nan vizaj pandemi koronaviris la si toutfwa, li ta atake nou.

Atansyon wi, lè dirijan yo pale de mete moun an karantèn, fòk se karantèn li ye tout bon vre. Se pa nan dizèn, ventèn, trantèn pou yo mete moun yo. Si se sa yo ta fè, se lave men siye a tè.

Genyen yon kesyon nou dwe poze tèt nou, kisa ki eksplike  genyen anpil moun nan mond lan k’ap viv nan liks, yo lave men yo regilyèman epi sa pa anpeche yo trape maladi a, genyen anpil nan yo ki déjà mouri.

Mezanmi, li plis ke enpòtan pou nou lave ak relave men nou toutan ke nou kapab. Men mwen menm, antanke yon nèg ki reyalis m’ap di nou sa klè. Ou ka bouke lave menw, men si ou pa lave kèw tou ebyen se lave men siye a tè.

Auteur : Leonel DORCILIEN, E-mail : leoneldorcilien79@gmail.com