Sou inisyativ Asosyasyon Fanm Solèy Dayiti (AFASDA), yon mach pasifik dewoule nan Okap, maten vandredi 3 jiyè 2020 an pou mande jistis pou Mamoune Régis.

Cap-Haitien, https :∕∕www.lemiroirinfo.ca, Dimanche 05 Juillet 2020

Fiyèt 14 lane sa, ki abitye siye vit machin ak vann sirèt, mouri anba bal yon ajan sekirite antrepriz Kap Deli, jedi 18 jen pase, nan ri 24 Boulva nan vil Okap.

Rive devan Kap Deli, pwotèstatè yo, ki te akonpaye ak divès timoun ak kèk militan politik, lanse yon mesaj sikonstans ak obsève kèk minit silans nan memwa viktim lan. Se la tou, yon fiyèt 14 lane depoze yon jèb flè dirèkteman kote Mamoune Régis tap benyen nan san li aprèl te fin resevwa bal anba men ajan sekirite a.

Se avèk anpil dlo nan je, yon papa ki te prezan t’ap eksprime endiyasyonl nan mikwo laprès, devan krim sa ki lage paran, pwòch ak manb nan popilasyon kapwaz lan nan dezolasyon ak tristès.

Se devan tribinal sivil la, yo te delivre dènye mesaj la pou ekzije arèstasyon ajan sekirite a ak mande jistis pou Mamoune Régis.

Manifèstan yo lanse apèl bay Ofis pwoteksyon Sitwayen, Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch, Brigad Pwoteksyon Minè nan la polis la elatrye pou pwan responsabilite yo an men nan dosye a pou pèmèt Mamoune Régis jwenn jistis.

« Mamoune Régis, pat chwazi vann kòl poul gen lajan, li te gen diyite, li te chwazi siye vit machin ak vann sirèt poul te itil tèt li, » se deklarasyon Anne Jean Baptiste ki te pwan la pawòl nan non AFASDA.

Krim sa, selon pwotèstatè yo pa dwe rete enpini, li lè li tan pou enpinite sispann taye bannda isit.

Nap fè remake, pandan semèn lan, komisè gouvènman jiridiksyon Okap la, mèt Richemont Florival te konfime nan la près, pakè a deja touche de dosye a.

Pandan mach pasifik la, manifèstan yo, te tou pwofite mande jistis pou Nancy Dorléans ak Sébastien Pétit, 2  jèn dansè ki pèdi lavi yo trajikman nan Pòtopwens nan jou ki sot pase la yo. Jistis tou pou Lisette Théodore ki mouri rache ak kout manchèt  lakay li nan komin Lakil Dinò lendi 29 jen pase.

Mamoune Régis mouri malerezman ak tout rèv li. Se te yon ti malerèz ki t’ap boske lavi, li pat gen rele li pat gen reponn. Kesyon k’ap poze, jiskilè moun k’ap li nan gwo liv yo a rive wè Ti Mamoune Régis nan liv yap li yo?

Antouka, eske dosye asasina Mamoune Régis la, pwal rete bat pousyè nan regis lajistis?

Auteur : Léonel DORCILIEN