
Fort-Liberté, https://www.lemiroirinfo.ca, Samedi 02 Avril 2022
Komisè gouvènman pakè Fòlibète a Mèt Eno ZEPHIRIN, kite gen ak li jij depè sipleyan tribinal Fòlibète a Jacques philippe Vincent, arete Responsab prizon sivil Fòlibète a enspektè divizyonè Derosier D. JOSEPH, Gérald BIEN-AIMÉ ak Jean Snaider MIDY pou enplikasyon yo nan liberasyon yon prezime bandi ki rele Samuel DORVIL alyas Samy, arestasyon si la yo rive fèt aprè chèf pakè Fòlibète a ta remake nan lari Twoudinò yon prezime asasen an li te arete mete prizon e voye dosye a nan kabinè denstriksyon.
Samuel DORVIL ak MARSEILKE Leveck te arete pa lapolis nan depatman Nòdès la pou : Asasina, Asosiyasyon malfetè, Vòl amen ame, Vyòl poun si te sa yo sèlman, dosye Samuel DORVIL la te nan men sibtiti komisè gouvènman mèt Lucner TOUSSAINT ki te bay yon rekizitwa denfòme e voye dosye a nan kabinè enstriksyon, pandan dosye a nan kabinè enstriksyon komisè gouvènman an ap tann pou jij la tande moun yo oswa kominike pa rekizitwa definitif, se konsa mèkredi 30 mas 2022 a komisè a di se avèk etònman li aprann ke Samuel DORVIL libere.
Aprè verifikasyon òd de liberasyon an ki genyen yon fo siyati komisè gouvènman an mèt Eno ZEPHIRIN ak siyati isye Beauvais Fredenel, chèf pakè Fòlibète te deside reyalize yon operasyon pou rive arete ankò Samuel DORVIL nan lannwit jedi 31 mas la, men se enven prezime asasin an te chape poul li.
Aprè plizyè èdtan komisè gouvènman an mèt Eno ZEPHIRIN pase ap odisyone enspektè divizyonè Derosier D. JOSEPH sou liberasyon prezime asasin Samuel DORVIL, kote yo bal manti, responsab prizon sivil Fòlibète a te vin deside kolabore ak komisè gouvènman an kote li rekonèt yo fè yon fot Administrativ grav, li bay tout detay sou òd de liberasyon an, ki moun ki siyenl ak tout lòt moun ki enplike nan dosye sila pami yo, gen otorite jidisyè nan pakè Fòlibète a.
Aprè arestasyon Responsab prizon sivil Fòlibète a enspektè divizyonè Derosier D. JOSEPH, Gérald BIEN-AIMÉ, Jean Sneider MIDI komisè gouvènman pakè Fòlibète a mèt Eno ZEPHIRIN bay òd depo pou 3 ajan DAP sa yo, ak yon lòt ajan DAP ki rele Cadet Claudin pou ensibòdinasyon ak irespè.
Kredi: Nodès ka pi Bel de Chenot Roceny