KRAS

Se yon ti KRAS koze map di jodya paske m pap rete.

Èskew te konnen gen yon seri de moun ki rantre anba vant ou se paske yo wè ou gen KRAS?

Si moun sa yo wè ou tap viv nan KRAS yo pa tap janm frekante w.

Ou met fem konfyans moun sa yo se KRAS yo ap chache.

Genyen yon lòt seri de moun ki swadizan di yo eklere, men yo KRAS anpil. Epi tou, tout jounen yap ba moun move jan pou ti KRAS yo pwosede.

Jan de moun sa yo pap jwenn mwen vin chache KRAS devan pòt yo.

Paskem konnen pou genyen rezon devan KRAS fòk ou benyen dri.

Alèkile map mande jiskilè dirijan peyi a ap sispann fè pèp la ap viv nan KRAS?

Isi, Léonel DORCILIEN