
Mwen remake, genyen yon seri moun kap kritike ane 2019 la, kòmkwa ane a pat sesi, li pat sela. Menm moun sa yo kontan anpil paske ane 2019 la ap di babay ki daprè yo pat fè anyen pou yo.
Mwen p’ap defann ane 2019 la, dayè se pa mwen ki avoka l’. Men, fòm di nou byen, gwosè chay nou lage sou do 2019 la, sensèman chay sa twò lou pou li.
Nou dwe klè ak tèt nou, pwoblèm lan pa poze nan ane yo, nou dwe konsyan ke se nou menm ki pwoblèm lan.
Nou p’ap di sa fò, si eleksyon pa fèt nan finisman mwa desanb lan, m’ pa kwè se ane 2019 la ki rèsponsab.
Si peyi a te lòk, ti Mari pa monte ti Mari pa desann, barikad pasi pala, se pa ane 2019 la ki rèsponsab.
Si asasen touye pitit ou, yo fèw kriye 2 ran dlo, 2 ran larim, se pa ane a ki lakoz. Pa kenbe l’ nan kèw souple.
Si pandan tout ane a, nou chita nan ranse betize, fè bwiganday, fè vye politik de grenn gòch, se pam ki pi bon, se pa ane 2019 la pou n’ap dyabolize. Li pouryen nan sa.
Kisa yon ane kenbe nan zafè rate gaz, nan lavi chè ak fatra ki gaye nan lari? Kisa yon ane kenbe nan pwoliferasyon gang ame toupatou nan peyi a?
Moun nan pa fè pwogrè, li pa marye, li pa travay, kareman li akize ane a. Mande m’ kisa ane a kenbe nan sa, m pa konnen.
Nou si tèlman lage chay sou do ane yo, gen moun ki pa vle di moun bòn ane, li prefere fè mawonaj poul di bòn sante, patati patata. Se ou ki pou fè ane a bon. Se pa li kap fèw bon, apwann sa.
Si nou refize pwan konsyans pou nou chanje vye mantalite retrograd nou yo, chak ane nap toujou mete bwa pou ane yo kòmkwa se yo ki pa bon.
Se kòmsi chak ane k’ap rantre se yon malediksyon li ye pou Ayiti? Mwen tande pwofèt malè yo ki deja ap klewonnen, ane 2020 an pwal pi difisil ke ane 2019 la. Ebyen, si se konsa, ane a pa bezwen chanje.
Si ou kwè se ane 2020 an ki pwal chanje sityasyon w ak chanje peyi a pandan ke ou refize asime rèsponsabilite w, e byen se domaj, w’ap fè ven ou p’ap fè ventenyen.
Mwen wè anpil moun ap bat bravo pou nouvèl ane a, kidonk 2020, atansyon, siveye w pou ane pwochèn nan menm lè sa pou ou pap kritike 2020 menm jan w’ap fèl la pou 2019 la.
Bòn ane tout moun!
Isi, Léonel DORCILIEN