Port au Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Mardi 31 décembre 2019

Peyi lòk; Barikad se avni pèp la; demisyon san divèsyon; lage pyew; Jomo dòmi deyò; prezidan an la pou 5 kan; dyalog; sote, koupe 7 tèt.  Ann eseye eskplike kèk nan yo.

Mo lock se yon  mo anglè ki vle di kadnase, verouye, fèmen, entèdi de sòti ak antre.

Nan lane 2019 la, group mo  » peyi lòk » te vin pipolè a travè mond lan. Ou pat fouti pale de Ayiti nan dènye mwa yo san w pa pale de « Peyi lok ».

Se langaj moun ki an fas Jovenel Moïse te itilize pou di peyi a bloke, li fèmen, wout bare, wout barikade. Pa gen lekol, labank pa louvri, menm mache piblik pat ka fonksyone.

Barikad la li fèt ak plizyè bagay ke protestatè yo jwenn sou wout tankou wòch, blok, kakas machin, machin nòmal epi fatra. Se yon fason pou anpeche moun sikile.

Te genyen tou plizyè endividi kite kanpe dèyè Barikad yo pou ransone sa vle mande moun lajan pou kite yo pase.

Lage pyew. Se mizik ke plizyè atis te chante sou cha ak plizyè milye manifestan pou mande Prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a.

Dyalog prezidan pase yon bout tan nan manda li ap mande dyalog. San li pa rive konvenk aktè ki ap mennen mouvman kont li pou chita dyaloge ak li.

Mo SOTE voye aktivis Arnel Belizaire nan prizon. Li te twò ta pou ansyen depite Tabarre pou vin eksplike sans mo sa.

Koupe 7 tèt, se prezidan an ki di li gen 7 tèt pou li koupe avan manda li fini. Pawol mete anpil ke kase lakay ansyen zanmi prezidan ki kanpe an fas. Anpil moun ap mande eske se vanjans prezidan an pral fe?

Eske pouvwa a ak manm opozisyon an ap rive chita ansanm an 2020 pou jwenn yon solisyon a kriz ke Dayiti ap viv jounen jodia ? Eske bandi ap kontinye taye banda nan tout kwen ? Eske zafe peyi Lok l ap reprann an 2020 ? Eske lekol la ap rive fonksyone an 2020 ?

Auteur: Quetony SAINT-VIL