Valiz deja ranje, rezèvasyon deja fèt pou Lili vwayaje samdi 12 dawout 2023 sa kote li pwal rantre definitivman nan dènye kay ou. Lili, nap ka toujou wèw nan videyo, nan foto, petèt nan rèv, men nou pap jan m wè w fizikman fas fas. Lili ou disparèt tankou kout zèklè san di yon mo. Pito se nan vwayaj Biden lan ou nan ekzil ou tale ankò, yon jou ou ta retounen isit.

Sa pa yon sekrè pou pyès moun, Lili ou pase tout vi w, ou te bay tout gout san nan kò w pou retire baboukèt nan bouch nou. Chak fwa ou wè wap pale jan w vle, ou di ou gen dwa bouch ou, sonje Liliane. Chak fwa ou wè ou chita alèz nan fè reyinyon sitou reyinyon politik, sonje Liliane.

Liliane, kòm komisyon pa chay, tanpri fè komisyon sa yo pou mwen. Di Jean Dominique, Sony Bastien, Anthony Pascal (Konpè filo) elatrye jiska prezan nou ponkò konnen kilè nap sòti. Nou ponkò konnen nan ki legliz nap mache. Ayiti yo tap reve a, se kounya nou nan salami. Di Sony, si l te vivan toujou, se kounye a li tap ri pou l di: « Nou gen pou n tounen sou bagay sa. »  Tanpri di, Jean Dominique, lè l te konn di: « Les assassins sont dans la ville. » Lè l tap di sa, se te rans, ponkò te gen anyen, se kounye a gen koze nan repiblik la.

Lili, di Konpè filo, si se kounye a li te chita nan kalfou a, se pa de bagay dwòl kap pase li tap wè. 

Kalfou twa ak kat tèt vi n pi danjre. Se kounye a gen ranvwa nan kalfou. Sonje di Brignol Lyndor, lè li te kon n di:  » Le maire, le premier citoyen de la ville a un rôle très très important à jouer. » Di msye, alèkile majistra yo plis sanble ak le dernier citoyen de la ville.

Lili, di Jacques Roche, se kounye a gen angiy sou wòch. Bagay yo se wòch sou wòch metal sou metal. Di Rospide Pétion (douze), men m yon ti bat bouch tounen yon liks. Move je vi n san fwontyè.

Tanpri di Gabriel ak François Latour, nap tounen an won, pa gen piblisite imoristik ankò. Se tapaj ak nyèzri kap fèt. Tanpri, sonje di Serge Beaulieu (Bouboule) nou pa gen libète ankò. Alèkile, nou limite nan deplasman nou.

Oh! Lili gran sè, si w kwaze ak Vladimiyr Legagneur, di l nou men m Ayisyen nou Le perdant. Malerezman, jan nou kanpe se konsa yo tire foto nou. Sonje di Diego Charles, nou gen anpil vizyon se vre, men pou n rafrechi memwa nou se ak tan lontan nap pase chak jou. Ayisyen vi n nòstaljik.

Lili, wap rete yon lejand pou nou tankou Djo the master. Anfen, tanpri, sonje di Wilner Altidor, jan l te konnen li a, anyen pa chanje, nou stil kontinye pwale kay Dyebon.

Lili, bon vwayaj! Ou devan nou dèyè. Si se pa yon maten se yon aprèmidi. Si mò wè mò na wè anwo. Lili, ale anpè.

Léonel DORCILIEN